yon bato ki gen abò li plizyè dizèn ayisyen k ap viv ak  yon andikap kite peyi Dayiti pou al bout nan peyi Jamayik maten jedi 21 mas 2024 la, daprè yon videyo JamaicaObserve poste sou paj X li. Gwoup moun sa yo k ap kouri pou ensekirite ak mizè nan peyi Dayti pral rete viv pandan 2 lane nan peyi Jamayik apre otorizasyon gouvènman Jamayiken an.

 Okay, 22 mas 2024

Kantite sitwayen k ap sove kite peyi a nan dènye jou sa yo ap ògmante pi plis chak jou. Gran Sid la vin yon gwo debouche pou moun ki soti nan plizyè lòt Depatman k ap pran lanmè pou sove lavi yo anba grif gang ak zam ki pran plezi nan masakre malere ak malerèz. Depatman Lwès se youn nan kote anpil moun soti san konte Grandans ak sid .

Se yon total 72 Ayisyen ladan yo 59 timoun andikape ki te akonpaye ak 13 lòt moun ki te ak yo lapolis Jamayik ranmase epi debake yo nan pò « Marina Errol Flynn, Portland » ayè maten jedi 21 mas 2024 la. Pa gen plis detay sou kantite tifi ak tigason ki te nan bato a men vwayajè san papye yo te ak malèt yo epi chita nan chèz yo oubyen kouche jwenn sipò otorite peyi Jamayik yo ki ap pèmèt yo rete nan peyi a pou 2 lane. Imigran sa yo pral viv nan vilaj « Éphèse, Mustard Seed Communities, Jacob’s Ladder, Moneague » a.

 

https://radiotelemontagna.com/jamayik-okay-depotasyon-m-te-van-2-kochon-pou-fe-vwayaj-la-m-ap-kontinye-pou-m-jouk-m-reyisi/

Se plizyè dizèn jenn gason, jenn fanm , timoun kou granmoun k ap pran lanmè a pasi pala pou eseye sove pò yo anba egzaksyon eskadwon lanmò yo. Avanyè madi 19 mas 2024 la, bò 6 zè nan aswè, otorite yo nan peyi Turks and Caicos te arete 95 sitwayen Ayisyen: 13 fanm ak 82 gason ki t ap tante antre nan peyi sa.

Eskadwon lanmò yo pa gen limit. Granmoun, fanm ansent, timoun , anbilans , lopital, moun k ap viv ak andikap … youn pa epanye. Dayè kategori sa yo fè pati sib prefere kriminèl yo pou kreye pliz laperèz nan mitan popilasyon an pou ka debleye teritwa a ak konplisite Leta ak kèk gwoup nan entènasyonal la.

 

Malgre travèse a difisil, sitwayen yo pito riske lavi yo olye yo kite bandı vin pote lavi yo ale nan kominote yo jan aksyon Kriminèl sa yo ap pase nan plizyè komin Depatman Lwès peyi a.

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here