Yon gwo kamyon baskil pase pran 2 lòt ( yon Bis jòn ak yon lòt kamyon baskil), 2 moto kraze, plizyè moun frape nan kouri se bilan yon aksidan sikilasyon ki pase sou wout Ayewopò a, blòk Simon nan mwatye jounen mèkredi 3 avril 2024 la.

 Okay, 3 avril 2024

Aksidan sikilasyon repete kontinye ap fè viktim epi lakòz anpil defisi nan twazyèm vil peyi a. Machin, moto kontinye ap woule san okenn respè pou prensip sikilasyon yo san konte wout yo ki kraze, pano siyalizasyon ki pa nan plas yo epi prezans lapolis la ki pa genyen sou wout yo pou siveye konpòtman chofè ak machin ki pa kòrèk pou woule sou vwa piblik la.

https://radiotelemontagna.com/yon-mo-ak-yon-blese-grav-akoz-kolizyon-ant-2-kamyon-nan-zon-simon-komin-okay/

Daprè temwayaj kèk temwen nan mikwo radyo Montagna, se yon baskil ki lakòz aksidan an. Pou jenn gason sa a, gwo kamyon ki make Rezilta a ak nimewo TM11526 te kanpe bò wout la nan direksyon izin Santral Desalin Okay la. Baskil la menm, TM 21090 t ap desanm andireksyon vil Okay kou gwo bis UPSAC san plak la. Chofè baskil la t ap chache double bis jòn lan te al espante sou kamyon ki kanpe a. Nan evite fè kolizyon frape l bò devan gòch li epi pase pran bis la nan bò chofè a anvan li te al fini kous li nan yon gwo pyebwa ki te bò ravin lan. Erèzman pa gen okenn moun ki pèdi lavi yo epi pa t gen etidyan nan bis la.  Te gen 2 moto ki t ap fè gaz atè ki kraze. Se kamyon ki te kanpe a ki fè bak sou yo. Ladan l youn nan kondiktè yo frape nan pye.

Nan dènye jou sa se chak jou moun ap mouri, blese, machin ap kraze sou twonson wout nasyonal #!7 sa. Li sèten responsab yo nan Sèvis Sikilasyon nan PNH- Sid la dwe chanje taktik pou sanksyone kondiktè brigan yo k ap kouri sou ti filang wout yo san okenn kontwòl.

 

MIM ( foto Maks – Enmbèr Marslen)

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here