Nan yon nòt fanmi Pwofesè, komedyen Chedlet Guilloux fè nou jwenn nan sal nouvèl radyo Montagna, anonse antèman an ap chante demen  lendi 8 avril 2024 la, 7tè nan maten, nan sant espòtif Kafou a.

Okay, 7 avril 2024

Pandan tout semenn premye mwa avril 2024 la, soti premye avril pou dimanch 7 avril 2024 la, plizyè kamarad batay li, anseyan, komedyen reyalize divès sware atistik: Pwezi, Temwayaj, Chant, Dans, Ekspozisyon, Lekti Senik…nan divès kote nan peyi a: Vèrèt, Gonayiv, Senmak, Jeremi, Dèlma, Kafou, ak nan kèk peyi etranje tankou Lafrans, Kanada ak Etazini pou rann omaj ak potorik gason sa a.

 

Pou kamarad li yo nan òganizasyon Sèk Janil Lwijis se yon gwo pèt pou batay la, lè yo konsidere Chedlet pa t janmen tranble nan pozisyon li pou moun Leta rann pòv yo nan peyi a.

Yo kontinye pou di se rejim PHTK a ki manje kamarad Chedlet. Pou yo, PHTK se yon rejim kriminèl toutbon. Se pa boukemisè y ap chache. Se konsekans zak maspinay kanmarad la te sibi nan men ajan k ap pwoteje ak sèvi sistèm pezesouse a – polisye yo- ki touye li. Se sa ki fè anvan li ale li di nou : « Pa janmen kite moun leve men sou nou… » Chedlet mouri nan batay pou lavi blayi nan peyi a.

Filozòf Guilloux mouri sou kabann lopital Ofatma Okay, samdi 30 mas 2024 pase a, kèk jou aprè li te fin fè yon operasyon.

Nou ap raple, komedyen – Filozòf la t ap soufri ak yon pwoblèm nan lestomak depi aprè bouwo nan Polis Nasyonal la te fin malmennen l, defigire l nan dat 23 fevriye 2015 – sa gen 9 lane- nan ri Kapwa nan sant vil kapital peyi a Pòtoprens pou yon bagay li pa konnen.

https://www.facebook.com/share/p/NuG2oXbtQ5Y7TiZv/?mibextid=ZbWKwL

Chedlet Guilloux ki gen non aktè li Hecton Gwobelbo fèt nan zòn Lamanten 52 komin kafou nan dat 16 avril 1986. Jou k ap 16 avril k ap vini la te pral ba li 38 lane. Chedlet te damou metye l yo anpil ki se teyat ak ansyèman. Li te kontribye nan Mennen Kemy Seba nan peyi Dayiti nan kad gwo batay li te enplike nan peyi a pou Byennèt kolektif la. Se te yon gwo fanatik foutbòl, fanatik Christiano Ronaldo.

Nan moman gwo lapenn ak soufrans sa a ki nan mitan fanmiy li, sektè anseyan, òganizasyon popilè konsekan yo, sal nouvèl RTM wete chapo l pou salye disparisyon jenn Militan entèlektyèl sa a.

 

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

RTM

 

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here