Zak brakaj yo ap pran yon lòt dimansyon nan divès komin Depatman Sid la nan dènye jou sa yo. Brakaj ame yo nan lari a kou andedan kay yo fè anpil sitwayen pè pou yo pa kidnape yo selon temwayaj plizyè viktim ki pale ak sal nouvèl radyo Tele Montagna ayè vandredi 12 avril 2024 la.

Okay, samdi 13 avril 2024

Plizyè moun nan komin Tòbèk, Disis ak Okay pran laprès pou denonse nèg ame ak gwo zam fann fwa ki antre lakay yo, tire, bat yo epi pati ak lajan, bijou, innvètè, regilatè, pote ale diri, sik, pwa, andwi, tout ti machandiz tikomèsan yo.

Daprè enfòmasyon yo, soti lannwit madi 9 avril la pou rive vandredi 12 avril 2024 la, se plizyè fanmiy nan Tòbèk, Disis ak Okay bandı ame ak gwo zam fann fwa deranje nan somèy yo epi kite yon move souvni nan tèt yo.

Fanmiy sa a di RTM, li te bò minwi konsa lè mesye ame yo pete pòt antre sou yo. Yo te 5 ak manchèt epi yon zam byen long. 3 ladan yo te bare figi yo epi 2 lòt ap pale ak yo. « Nou wè wè lanmò tèlman yo t ap menase nou » di youn nan pèsonaj yo ki gen 88 lane.

Plizyè moun nan komin Tòbèk di gwoup ame sa pa tabli lontan. Yo lonje dwèt sou kèk moun ki nan gwoup ame sa k ap atake popilasyon an nan sonnen katouch chak swa, kase depo, kantin lekòl piblik kou prive nan komin lan. Yo site non Prenel Calvaire alyas ti blan nan zòn Lafèm. Yo di se li ki chèf eskadwon lanmò sa a epi gen Reno nan zòn Kalabich ak Jean Rony nan zòn Peyan. Yo tout, si nou kwè kèk nan viktim yo, se jenn gason ki soti nan komin lan. Sa gen yon mwa gwoup ame sa te asasinen 2 moun nan seksyon an. Poze yo kesyon sou demanch yo fè, te kontante pou di yo al pote plent nan Lapolis ak Lajistis. Men, san asirans paske anpil fwa gen kòkòday ant yo.

Pou jenn gason sa a ki nan lokalite Rival komin Okay. Mesye yo te mete pwent zam yo bò tèt li detan lòt yo ap charye tikomès li te gen nan kay la. Madi 9 avril 2024 la nan aswè, 3 nèg ame rale zam brake konfrè jounalis Hans Jn Louis nan ri Tousen Louvèti blòk sal « St Louis » Okay. Daprè jounalis la, malfra yo pran valiz li ki te gen pyès Idantite l, 2 telefòn, moto l epi dechèpiye yon pwòch li ki te akonpaye l.

Nan plizyè komin Depatman Sid la depi li fè nwa sitwayen yo oblije ret nan nich yo pou yo pa viktim. Lòt ki pase anba egzaksyon nèg ame yo sètoblije abandone kay yo annatandan otorite yo fè entèvansyon yo pou retabli lòd ak sekirite nan zòn konsène yo.

Pou responsab òganizasyon UFADESCH la, Jean Benissel Belace,  ki reponn kesyon RTM di sa k ap dewoule nan seksyon kominal komin Tòbèk la grav. Se yon zòn wouj li ye nan Depatman Sid la kou komin Tibiwon.

 

Defansè dwa moun konfime gen gwoup ame k ap pran tè moun, vòlè byen peyizan yo kou asasinen moun. Si sant vil la epanye men soti Larat monte Lamonj  bandı yo ap fè edefè kanta komin Okay menm ensekirite a nan nivo 75 pousan. Si pa gen yon koukouwouj, pral gen rèl nan jou k ap rive la yo.

Ensekirite a piti piti ap pran fòm toupatou nan peyi a kote sitwayen yo pa sispann viv ak kè sote.

 

Max -Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here