24 èdtan aprè gwoup Zafem fin soti  premye albòm li, gwoup la gentan plase pami “Top 40 US Latino Albums” epi klase 5kyèm pozisyon nan top “10 US album”,  daprè sa radyo Montagna konstate dimanch 7 me 2023 a.

 

Okay, 7 me 2023

Se yon total 16 mizik gwoup Zafèm mete deyò nan dat samdi 5 me 2023 a bò minui. Kèk minit apre, patfòm entèlijan yo anflame ak pawòl emosyonèl fanatik yo kou konesè nan zafè mizik sou mèvèy sa nan moman peyi a ap viv yon moman difisil ak kesyon ensikirite sou tout fòm lan. Yon fenomèn!

Twaka tit nan albòm lan tankou: le plein – Bradsou-Bradsa -Sanpousan, Dlo dous trete tèm lanmou kò a kò nan sans powèt Georges Castera epi gen lòt pyès menm: Ati Sole, Dyaman nan Bidonvil, Enèji nou sanble ki trete sijè ki makònen ak lavi sosyal peyi a.

Nou ap raple apre premye soti vityèl gwoup Zafèm nan dat 3 juillet 2020 pase a kote 2 chantè sa yo: Reginald Cange ak Dener Ceide te pèfòme ak yon full gwoup, melomàn yo t ap tann yon albòm. Premye mizik yo “Savalou ak dezyèm lan “Ala de ka” te vin konfime maryaj sa a.

8 jiyè 2023 k ap rive la, fanatik yo pral prepare yo pou yo al danse albòm tou nèf sa a nan Melrose Ballroom, New York. Tout defi a chita la. Èske atis yo ap delivre machandiz atistik la, se gwo kesyon k ap satiyèt gwo konesè yo pou jan albòm “Lalin ak Solèy “la byen sonnen.

Reginal Cange se ansyen mizisyen Zenglen ak Fasil. Dener Ceide te fè anpil lane ap pefòme ak Tabou Combo epi se yon gran kompoziitè /aranjè. Kòm pawolye, li kompoze anpil mizik pou lòt gwoup Ayisyen: Klass, Harmonik, Disip, Zenglen, Mass konpa pou nou site sa yo sèlman. Sanble “enèji yo kontre pou yon bon kòz.

Nan mwens 3 mwa, sa fè dezyèm bèl moman sitwayen yo viv pou plezi zorèy yo. Tafa te fè l ak dènye EPE li an ki gen “nan Lakou a “sou li epi Zafèm kou lòt  montre sitwayen yo vle viv . Nan moman zam ap chante toupatou nan peyi a, asasinay, kidnaping, estrès, lavichè, grangou ap anvayi twaka moun nan peyi a, mizik se yon mwayen pou yo pa pèdi ekilib yo epi kwè peyi a p ap mouri.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here