Tout peyi ki vle chanje kondisyon lavi moun  ak pwoteje bon mach enstitisyon li yo mete priyorite sou edikasyon ak oryantasyon kad kalifye pou asire bon fonsyonman enstitisyon kle yo. Nan anpil peyi kapitalis, yo souvan mete yon seri espas aladizpozisyon moun ki enterese ak yon karyè nan administrasyon piblik la.  Nan peyi Dayiti nou gen INAGHE (Enstiti Nasyonal Administrasyon, Jesyon ak Wodetid Entènasyonal), ENAF (Lekòl Nasyonal Adminstrasyon Finansyè) ki gen pou misyon alimante adminstrasyon piblik la ak kad ki konpetan san konte lòt espas nan Inivèsite Leta a ak inivèsite Prive yo kou inivèsite etranje k ap fòme kad pou peyi a. Men kisa ki eskplike yon enjenyè endistriyè l nan tèt pi gwo bank peyi a depi plis pase 7 lane?

 

Okay, 26 dawou 2022

Jean Baden Dubois okipe pòs Gouvènè Bank Santral depi 7 lane. Pandan 7 lane sa yo sistèm ekonomik la pa sispann plonje. Pou anpil moun se maladrès Gouvènè a ki alabaz degrenngolad sistèm finansye a. Aktyèlman Ayiti konnen yon to enflasyon 30%, ekonomis yo prevwa ki kapab ale piwo nan tan k ap vini yo. Pandan peryòd sa a dola atenn pik ki piwo nan listwa peyi a, 130 goud epi 155 goud pou yon dola ameriken. Pou pote solisyon ak to echanj la, Bank santral pran plezi mete dola sou mache a. Pou dènye mwa sa yo se 10 milyon dola vèt ki enjenkte  sou mache a, malgre yo te esesye l deja sa pa t mache, kote dola a te vin monte piwo pase premye fwa.

 

Ki konesans Jean Baden Dubois nan ekonomi an ak finans ?

Dapre yon prezantasyon Bank Santral pibliye sou sit ofisyèl li sou edikasyon ak sètifikasyon Gouvènè a, men sa yo di :

Desanm 1990 Mesye Baden swiv yon fòmasyon pou preparasyon Manadjè pou Citibank pandan 4 mwa . Kou yo te chita sou mikwo ekonomi, makwo ekonomi, etik elatriye ; Fevriye 1990 li gradye nan pwogram metriz Inivèsite Ilinwa, Vil chikago peyi Etazini nan Jeni endistriyèl ; Janvye 1987 li diplome nan Jeni Sivil, Fakilte syans , Ayiti ; Janvye 1988, li aprann anglè kòm dezyèm lang nan Georgestown University, Washington, DC; Septanm 2012, li resevwa yon Sètifika, Jesyon risk nan kontèks Bank Santral, Central Banking Publications, London, England; Me 2014 Sètifia, Gouvènans Bank Santral , Central Banking Publications, Lond Angletè; Jiyè 2012, Sètifika, Enfrastrikti nan yon ekonomi mache, Harvard Kennedy School, Boston, USA; Oktòb 2013, Sètifika, Jesyon likidite enteryè ak operasyon politik monetè, Central Banking Publications, London, England; Jen 2013, Sètifika, Inovasyon pou devlopman ekonomik, Harvard Kennedy School, Boston, MA.

An rezime aktyèl Gouvènè Bank Santral la gen sèlman gen 6 sètifika ki gen rapò ak jesyon epi finans, yon seri pwogram ki dire pi souvan ant 2 semèn ak 4 mwa . Li gen yon Lisans nan Jeni sivil ak yon metriz nan Jeni Endistriyèl.  Kidonk li pa gen oken diplòm siperyè ki bali kalifikasyon pou pòs li okipe a ki se yon pòs kle pou yon peyi ki vle avanse nan kreyasyon kwasans ak richès. Ekspereyans san konpetans pa ta dwe gide chwa pou moun ki pral okipe yon fonksyon parèy dapre anpil moun.

 

Jounen jodi a ekonomi an andebandad, Bank Santral anonse yon pakèt mezi pou redrese sitiyasyon an nan kad yon konferans li bay lendi 22 dawou 2022 a. Pou plizyè ekonomis se yon ansanm mezi ki p ap pote okenn rezilta paske pou yo se enkonpetans ak enplikasyon moun k ap jere BRH yo nan zak koripsyon ki bay rezilta peyi a ap fè fas yo. Pa gen okenn resèt mirak pou rezoud pwoblèm nan, se onfonse desizyon sa yo pral anfonse kouch ki pi vilnerab anndan peyi a pi plis.

https://radiotelemontagna.com/yon-dola-soti-nan-155-pou-tonbe-nan-120-goud-nan-selman-24-edtan-yon-fenomen-san-eksplikasyon-ekonomik-selon-ekonomis-eddy-labossiere/

Franndy Lesperance

Sous: Sit BRH, www.brh.ht

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here