Yon mwa 11 jou apre avoka Charlot Charles fin bimen madam li, blese l, kase tèt li ak kout mato malgre li ansent, batonye Aken an ap chache jwenn yon mwayen pou libere agresè a ki fèmen nan gadavi komisarya Aken an depi vandredi 19 me 2023  a.

Okay Dimanch 21 me 2023.

Òganizasyon Groupe d’Appui au Developpement du sud (GADES) k ap travay ak tifi kou Fanm yo, denonse nan mikwo radyo Montagna, ayè samdi 20 me 2023 a, batonye lòd avoka yo nan Aken, mèt David Jacquet k ap jwe sou enfliyans li pou libere mèt avoka Charlot Charles ki fèmen nan gadavi komisarya Aken an pou tantativ asasinay sou mandan li, Loraine Fleury.

Pou Òganizasyon an, se pa atitid sa ki dwe gide batonye Aken an nan zak malonèt sa a. Se pito veye pou dwa prezime kriminèl la pa pase anba pye olye l ap chache kase fèy kouvri sa pou dosye a pa fè chimen l kòmsadwa.

Daprè enfòmasyon yo, se pa premye fwa avoka chèf wonflè a, Charles bat madanm li. Men fwa sa , viktim lan ki ansent 4 mwa deside pran responsablite l nan pote plent epi chache akonpayman pou ede l denonse zak Kriminèl sa a nan pran chimen lajistis.

Kontakte batonye a pa telefòn, li voye jete byen lwen akizasyon sa a. Li di si li t ap lage avoka a, li t ap deja fè l. Mèt avoka Jacquet di se goumen moun yo t ap goumen epi toulède blese. Kòm gid espirityèl yo epi kòm premye avoka ( batonye) li ap jwe wòl li pou koup sa ki andanje.

Nou ap raple nan mwa novanm 2021 pase a, se mèt Avoka batonye a kise alafwa Pastè  ki te selebre maryaj moun yo. Pou di kounye a la se ta chache l ap chache mwayen pou pwoteje asanble li a olye bouwo a peye pou zak li a ? Yon repons RTM pa genyen.

Nan dènye jou sa yo nan Depatman Sid la, zak vyolans konjigal yo ap ògmante. Si pa gen bon egzanp ki trase nan pini agresè yo sitiyasyon sa a riske vin anvlimen nan kominote yo k ap viv yon sitiyasyon vyolans san parèy ak egzaksyon eskadwon lanmò yo nan plizyè komin nan peyi a.https://radiotelemontagna.com/marie-ketlie-elien-pase-tou-pre-pou-te-ogmante-lis-fanm-mari-yo-asasinen-nan-peyi-a/

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here