Okay, 15 oktòb 2023

Dezyèm seksyon kominal Kanperen bloke tout lajounen an aprè yon jenn gason te fin resevwa bal epi mouri nan kad mouvman popilasyon lokalite Marceline lan te lanse pou mande EDH bay kouran, jodi samdi 14 oktòb 2023.

Daprè yon sous radyo Montagna fè konfyans, jenn gason an rele Rodney Bernard. Li gen 30 lane. Li se yon machann bòlèt. Se detan moun yo ap kouri pou yon back up UDMO ki t ap rive sou yo, ki pete bal, jenn gason an blese. Transpòte l nan lopital OFATMA, li pa t pran tan pou l te rann dènye bout souf li.

Gen lòt moun ki blese ak bal kawotchou, se ka pwofesè Geffrard Ilfranc. Gen plizyè manifestan lapolis arete yo epi fèmen nan prizon se ka Mardoché Delice.

Pou jan tansyon an te chofe nan 2zyèm seksyon an, zak sa a ka vin mete luil sou revandikasyon lejitim popilasyon an ki pa wè anpoul limen lakay yo depi jiyè 2021.

Nou ap raple se dlo larivyè Kavayon nan basen Mawo ki alimante Santral idwolik So Mathurine EDH pran pou pwodui enèji ak tibin li yo poutan komin lan nan fè nwa nan dènye lane sa yo.

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here