Okay-Kilti : “Senatè Lan Pèpè”, yon lòt tit mizik ki mete toutouni yon seri pratik mesken anndan klas politik ayisyèn nan.

25 me 2022: Nan yon nouvo mizik ak tout videyo atis Ayisyen/kanadyen an mete deyò, Lucknerson Mervil aka Luck Mervil, ki leve nan Bèlè -yon katye popilè gang ame fè tounen yon veritab simityè pandan rejim PHTK a- drese yon tablo sonm sou sityasyon sosyal ak politik peyi Dayiti a.

Nouvo pyès mizikal sa a nan espas yon semenn, anpil konesè nan zafè mizik kalifye l kòm yon yon bèl zèv. Atis koulè angaje sosyal la, Luck Mervil denonse yon seri gwoup moun ki kontribye nan rann Ayiti envivab nan sousi pou yo fè lajan, livre peyi a bay yon bann mèsenè, jiskaske li tounen lanfè pou pwòp pitit li yo.

Politisyen kamèleyon, palmantè, atis, diplomat etranje, menm moun ki mache vann grenn vòt pou mil (1000) goud lè gen eleksyon se prensipal aktè ki kontibye nan kraze peyi a. Li kontinye pou l di anpil peyi ki di yo se zanmi peyi a se yo ki kraze ekonomi l nan piye l ak kraze pwodiksyon lokal peyi a. Ou ka klike pou gade eksplikasyon atis la ap bay sou sa ki trete nan mizik la anba :

https://fb.watch/delp5dJsNZ/

Daprè atis la, Ayiti se youn nan ra peyi kote yo achte Senatè, jounalis, diplomat nan pèpè.  Yo achte limenna, yo achte gouvènman , yo achte minis , depite, yo achte atis  nan pèpè, sa vle di dezyèm men.

Lucknerson Mervil gen 54 lane, li fèt 20 oktòb 1967 nan lakou Bèlè nan Pòtoprens,li natiralize kanadyen.  Li se konpozitè/entèprèt, mizisyen, aktè ak animatè televizyon nan vil Kebèk , peyi Kanada. Se yon atis ki gen yon renome entènasyonal, li gen plizyè albòm tankou: Rude Luck 1993, Two ( Rude Luck) 1995, Aller Simple 1997, Pour le meilleur et pour le pire 1998, Luck Mervil 2000, Soul 2003, Ti Peyi a 2009. Li patisipe nan plizyè gwo pwojè seri televize ak mizikal sou sèn entènasyonal la tankou « Notre Dame de Paris » kote li te jwe wòl « Clopin ».

 

Ou ka gade tout vidyo “Senatè Lan Pepè” a nan lyen sa a ki anba :

 

Franndy Lesperance

Sous: Wikipedia ak Facebook Luck Mervil

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here