Mwens pase 24 èdtan apre lanmò sispèk pwopriyetè “La Difference Borlette” la, dimanch 9 avril la, nan premye antre plaj Pòsali a, lajistis debake epi poze sele sou lokal biznis li a ki nan Kwa 4 Chemen an sou demand ansyen madam li, Rodmie Gaspard.

 

Okay, lendi 10 avril 2023

Chèf pakè jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond byen eskòte ak sekirite li yo, maten lendi 10 avril la, akonpanye ak jijdepè Gabner Charles ak grefye Smay Journal fèmen biznis PDJ a genyen nan pwent antre Kwa 4 Chemen Okay la sou demann  ansyen madam li, si nou kwè mèt avoka militan Maxon Esta.

Daprè enfòmasyon yo, Luckson Morin mouri ozalantan otèl “ Village Reposoir”, aswè dimanch 9 avril 2023 a, bò 8tè konsa nan machin li. Kouri ak li nan lopital kominotè Pòsali a, pèsonèl medikal yo pa t resevwa l paske li te gentan rann dènye bout souf li. Kisa ki pwovoke l? Èske se yon ka asasinay pa anpwazònman oubyen se ta yon lòt bagay ki pwovoke kriz kadyak la? Antouka, sèl yon analiz kadav la ki ka ede lajistis dekouvri nati zak sa a.

 

Aprè konta legal jijdepè komin Pòsali an, lajistis te otorize yon mòg prive pran kadav la. Genyen 2 moun: yon fanm ak yon gason ki fèmen nan gadavi komisarya Pòsali a. Premye a, Erlande Berger, ansyen Miss World Haiti 2021, ki te akonpaye viktim lan nan machin li epi gen Fefe ki se yon anplwaye otèl la.

 

Pou anpil obsèvatè, deblozay sa a montre te gen gwo chire pit nan mitan fanmi an,  sa  ki retire tout lapenn ka lanmò sa te ka fè nan komin lan.

 

Luckson Morin fèt 7 septanm 1969 nan komin Kanperen. Li te youn nan pi gwo sipòtè ekip foutbòl America Okay la. Antreprenè jwèt aza a te toujou pare pou reponn ak tout demand ki gen arevwa ak aktivite espò oubyen sosyo kiltirèl nan depatman Sid la, vil Okay anpatikilye.

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here