Gadkòt Jamayik abò bato ki make: Coast Guard – 427 remèt bay ajan gadkòt Ayisyen yo samdi 9 ak dimanch 10 mas 2024 la 71 sitwayen Ayisyen ki te nan espas lanmè peyi yo, daprè Majistra Claire Daphné France ki reponn kesyon sal nouvèl Radyo Tele Montagna.

 Okay, lendi mas 2024

17 fanm, 3 timinè – ladan l yon bebe- ak 51 gason se kantite sitwayen sa yo ajan Jamayiken yo remèt bay ajan Ayisyen yo ki te al resevwa yo nan fon lanmè zòn lan ki t ap kouri pou move lavi nan peyi Dayiti.

 

Nan debake yo, 2 ladan yo rete nan men Jamayiken yo – yon fanm ak yon tibebe- paske yo te nan yon eta kritik te tounen pou al pran swen ka yo nesesite.

Toun moun yo pa moun Grandans sèlman. Daprè enfòmasyon yo, yo tout monte bato a nan komin Ansdènò. Men yo soti Kafou, Matisan, Dèlma, Maryani…

Yo te gentan gen 3 jou sou lanmè a lè Lapolis Jamayiken arete yo. Daprè temwayaj yo, se move lavi ak sitiyasyon ensekirite jeneralize dènye jou sa yo ki mete yo deyò a. Riske lavi yo sou lanmè a pa pi grav pase sa y ap viv nan peyi a. Mande jenn gason sa a èske se premye fwa li pran lanmè a, reponn wi. Men li ajoute pou l di l’ap kontinye jouk li reyisi nan avanti sa a. Pou l te peye vwayaj la, li te vann 2 kochon pou li te ka òganize l.

Rive sou waf gadkòt la, kwawouj, Pakè, Lapolis -SDCPJ, Pwoteksyon Sivil ak Lameri pran konpatriyòt yo anchaj selon Majistra Daphné France. Aprè SDCPJ fin tchèk yo, Lameri ap mete yo nan machin pou chèflye Depatman Grandans peyi a, Jeremi pou rès swivi yo.

 

Bò Kote OIM, ayè dimanch lan yo te bay sitwayen yo yon pla cho epi se fini. Daprè enfòmasyon yo si pa gen fontyè ann peyi yo Òganizasyon sa a pa gen twòp enplikasyon. Enstitisyon yo toujou an mòd ponpye , yo pa janm pare pou anyen malgre wòl yo se pou rezoud pwoblèm ak antisipe.

Nan dènye mwa sa yo, gadkòt Jamayiken mennen tounen plizyè dizèn sitwayen Ayisyen nan komin Okay la. Kote eskadwon lanmò yo ap deplwaye zèl yo nan anvayi malere yo nan katye popilè yo kou lòt kominote se posiblite pou pitit peyi a al riske lavi sou lanmè a ak yon seri bato ki pa fèt pou gwo trajè sa yo.

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here