Okay-Agrikilti: Jodi a, Radyo Montagna atravè jounalis li, Maks – Enmbèr Marslen, ap mennen nou fè lakonesans ak yon gwo grandèt teknisyen Agrikòl nou genyen nan depatman Sid la.
Grandèt teknisyen sa a rele Jean François Joseph. Nan kesyon : Makotaj, grefaj, Boutiraj ak jèminasyon, lane 2022 a fè egzatman 36 lane depi l ap fè aktivite sa a. Travay li nan sans sa a chita nan Organisation pour la Réhabilitation de l’environnement ORE ki se zèv Monique Filigranne aka madan Choune kite nan komin lan. Akote gwo travay sa a, li monte yon aktivite Konpòs nan zòn Levis/ Lamatinyè premye seksyon komin Kanperen pou ede peyizan yo fè fas kare ak pri disèt wotè angrè chimik lan.
Pou kesyon Sitris yo: sitwon, mandarin, zoranj dous, chadèk ki soti pou disparèt toupatou nan peyi a, Jean François jwenn yon solisyon pou sòve yo.
Nan depatman Sid la, pifò etablisman eskolè NS1 – NS4 se filyè Syans, Lavi ak Latè yo privilejye men konbyen ki mande teknisyen sa yo vin bay kèk seyans, seminè sou kesyon Makotaj, Grèf ak Bouti? Yo pa anpil.
Nan yon ankèt mwen mennen nan plizyè lekol nan sant vil Okay la montre se sèlman Lise Jean Claude Musseau “Jan Klod Mizo” nan Okay nan, dat 15 me 2021 pase a, te envite teknisyen François vin anime yon seyans fòmasyon/ pratik nan lise a k ap fè pwomosyon pou yon Anviwonnman sen. Nan komin Kanperen menm se lise Nicolas Geffrard de Camp Perrin ki te mennen NS3 ak NS4 al vizite espas la. Yon eskandal.
Nou ap raple nou, nan mwa me 2020 pase a, lise LJCM a te youn nan 3 ganyan pwogram “konbit pou Chanjman”, yon pwojè kominotè konpayi telefòn miltinasyonal la, Digicel. Plantil li yo te al mete nan tè mòn “Etan laborde” nan fen mwa mas 2021 pase a.
Pou jan anviwonnman peyi a ap degrade se ta yon bon mwayen pou lekòl yo sansibilize timoun sou menas sa a. Mennen jenn yo vizite jaden yo, plantasyon, fèm Agrikòl yo se pouse yo atache ak anviwonnman peyi a nan fòme Ekositwayen.
MIM ( Foto ak videyo Maks – Enmbèr Marslen)