Daprè yon manda sal nouvèl radyo Montagna gen yon kopi, enfimyè ki te viktim bastonad andedan dispansè Kafou Jout la anba men yon anplwaye Delegasyon Sid la pote plent nan Pakè Okay pou vwadfè.

Okay 9 septanm 2024.

Daprè yon sous nou fè konfyans, aksyon sa a pase samdi 7 septanm 2024 pase a andedan sant sante a. Pa gen plis enfòmasyon sou sa ki te deklannche  diskisyon an pou pouse atache Delegasyon Sid la, Gilbert Auguste mete men nan kolèt enfimyè a, Joujoue Altéma anvan li souflete l.

Aprè zak lach sa a sou pèsonèl medikal la, wonflè a Gilbert Auguste, ak fyète, te kite lespas la san kè kase. Eske Lapolis ap rive mete lapat sou li oubyen sibtiti komisè ki siyen manda a pral pase eponj sou lòt otorite nan Delegasyon Sid la?

N ap raple se pa premye fwa ajan k ap travay nan Delegasyon Sid la ap detire men yo sou pèzib sitwayen nan jiridiksyon Okay la. Nan mwa jen 2024 pase a, chaje misyon nan Delegasyon Sid la, Jackson Dena te agrese, bat epi blese Pierre Milord Jean nan mòn Briye sou wout pou monte Pòsali a. Nan dat 7 jiyè 2024 la, delenkan chaje misyon sa te kase tèt sitwayen Jean Gardy Percy  andedan lekòl Senfranswadsal nan pawas Kafoujout. Nan dat 30 jiyè, Dena souflete yon ajan UDMO andedan Pakè Okay la nan moman yon konvokasyon nan Pakè a. Men komisè Pierre Maykel Georges te libere l san 2 fòm pose.

http://radiotelemontagna.com/jackson-dena-libere-epi-ta-dwe-retounen-devan-pake-a-jedi-premye-out-2024-la-dapre-yon-sous-nan-pake-a

Men jouk koulye a chaje misyon sa ap sikile libelibè ak sipò Delegasyon Sid la malgre manda li gen dèyè l pou zak li poze yo.

Toutotan lajistis anba bòt politisyen se tank enpinite a ap pran jarèt nan kominote yo.

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here