Malgre yo te mete l anneta pou atak li sou yon ajan UDMO nan pòt kare sibtiti komisè Pierre Maykel Georges, delenkan Jackson Dena libere epi ta dwe retounen devan Pakè a Jedi premye out 2024 la daprè yon sous nan Pakè a.

Okay, 30 jiyè 2024

Eskòte ak avoka l Mèt Zachary Jean Baptiste, patizan li yo Eduel Mondesir, Mombrun Jean Desnais aka Tikounan ak lòt, Jackson Dena te atake nou menm Max Imber Marcelin kote l bay telefòn nou yon kalòt kase vit li, lè l rive nan pòt biwo komisè Georges, li pa bese tansyon l kote l te flanke yon ajan UDMO ki se sekirite Majistra defakto Fritznel Chèry yon souflèt ak tout yon bidon dlo ki te nan men li a, blese l anba je l.

 

Aksyon sa a te pral anflame Pakè a. Kèk minit aprè, frè dam polisye a te pral antre andedan kare Majistra a pran atache Dena epi desann ak li nan kare komisè anchèf la, James Jean Louis, ki lave men l kou Pilat epi revoye dosye a bay komisè Georges. Pouki tout tolalito sa a? Ki machinasyon politik k ap fèt ak yon zak kriminèl konsa?

Aprè sibtiti komisè Georges te fin tande l sou zak agresyon sou polisye ak inifòm UDMO a, komisè a pran desizyon libere l san 2 fòm pose. Aksyon sa a fè anpil obsèvatè reflechi epi choke.

Yon lòt kote plizyè dizèn moun te kanpe douvan Pakè Okay la yon bon pati nan jounen an ak pankat, ap chante nan kad sipò yo vin pote bay Pè Yves Edmond, Kasek Enel Oscar, Jean Gardy Percy aka Assade ak kamarad yo Guy Numa. Nan mouvman sa a, manm pati politik Veye yo ki te akonpaye makawon Jackson Dena pa t ezite atake kèk moun nan foul la se ka Jean Fritz Beaubrun ki te defann li ak yon kas moto ki te nan men l. Pou politisyen tradisyonèl sa yo te montre pisans yo, te deplase responsab UDMO Okay la pou te vin arete kamarad yo a ki te libere kèk edtan aprè komisè Maykel Georges te fin tande l.

Pakè Okay la, yon lòt fwa fè l konplis nan pwoteje Jackson Déna ki gen yon manda dèyè l depi plizyè jou pou tantativ asasinay sou Jean Gardy Percy nan dat dimanch 7 jiyè 2024 pase a nan aktivite KODEPP t ap reyalize nan lakou lekòl St François de Sale nan kafou Jout, lè l te rale zam li, pwente sou li epi fann tèt li ak revòlvè ilegal li a epi deklare moun sa yo ta fè tantatif asasinay sou li epi tou pwofite asosye non yo ak eskadwon lanmò nan kapital peyi a.Aprè seyans odisyon sou zak agresyon polisye a, 2 machin, ladan yo yon sèvis Leta te vin pran zakè yo a.

Detan lajistis ak Lapolis te arete Jackson Dena plis pase 10 plent deja depoze nan grèf Pakè Okay la ladan nou menm pou atak fizik nou sibi anba men san manman an nan egzèsis fonksyon nou.

 

Max Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here