Plis pase yon douzèn pyès dar ekspoze nan lokal “Auberge & Art” ki chita nan lokalite Boujoli 2 sou wout ayewopò Antwàn Simon nan 3zyèm vil peyi a, ayè samdi 8 avril 2023 a, selon konsta radyo Montagna.

 

Okay, dimanch 9 avril 2023.

Nan lokazyon lansman ofisyèl « Fondation Régionale d’Écho au Dévloppement des Arts (FREDA) », plizyè dizèn moun reponn ak envitasyon ki te lanse pou te vin gade zèvdar, bò 6zè konsa nan aswè, ayè samdi a.

Timoun, jenn kou grandèt aprè konsiy komisè manifestasyon atistik la, Guy Astrel Joseph, asistans lan te envite pou l t al kontanple zèk enpresyonan eskiltè Maxi St- Felix ki travay ak bwa sèlman kòm sipò atistik.

Se yon total 18 pyès ki trete plizyè sèn tankou bann Rara, lavi, lanmò, lanmou pou nou site sijè sa yo. Vèni ak yon koulè brile, zèv piktiral Atis/Eskiltè a ki pa t prezan nan okazyon an montre nivo enspirasyon l ki makònen ak lavi toulèjou.

Daprè operatè kiltirèl la, Jean Amos Dugé se tout domèn pwodiksyon atistik ki gen plas yo nan FREDA. Powèt/Womansye a kontinye pou l di, fondasyon an pral travay pou regwoupe atis yo ansanm nan nivo (Seksyon yo, Komin ak Depatman yo nan rejyon Sid peyi a) pou yo ka pi pwodiktif, jwenn mache pou  pwodiksyon yo epi òganize atelye pou yo.

Selon enfòmasyon yo, plastisyen St – Felix pa yon enkoni nan domèn lan nan Depatman Sid la. Sa fè dezyèm ekspozisyon Dugé reyalize ak zèv li yo nan komin Okay la epi eskitè a ekspoze nan atelye tou Zanglèdaken Kote li gen yon ti mize. Youn nan misyon FREDA se fè pwomosyon pou zèv fonetik, plastik ak vizyèl nan rejyon an.

Ekspozisyon zèv plastik sa yo ap dire plizyè mwa. Kòm atis la pa nan peyi a, FREDA ap prepare l pou l dewoule tapi wouj pou li nan fen ekspozisyon an pou yon konesans lajmanlaj ak gran piblik la.

Kòm mòd aktivite aktistik sa yo pa twò koni nan vil la, manm fondasyon yo di yo pral jwenn ak direksyon kèk lekòl pou reyalize plizyè vizit gide pou devlope atitid atistik lakay jenn nou yo epi envite lòt vin gade chedèv atis nou yo.

Nan sa ki gen arevwa ak sipò Maxi St- Felix itilize a pa gen twòp esplikasyon sou ki kalite bwa esklitè a travay ni Kouman li ap jwe pou l ranplase sa yo vide atè yo. Li ta bon pou Maxi St – Felix seleksyone pyebwa yo epi sansibilize moun yo pou kontinye plante pyebwa yon fason pou pa gen dezekilib. Jenn pyebwa pou ranplase granmoun pyebwa.

Lakilti se tout pwodiksyon ki makònen ak lavi peyi a nan fason pwodiktè yo jwe ak imajinasyon yo opwofi peyi a.

 

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here