Responsab Enstititi Byennèt sosyal ak Rechèch (IBERS) akonpaye ak patenè li yo nan sektè a òganize yon aktivite sikososyal pou make jounen nasyonal dwa timoun Ayisyen yo nan sal konferans Konplèks Administratif Okay la, maten dimanch 9 jen 2024 la, daprè konsta radyo Montagna.
Okay lendi 10 jen 2024
Plizyè dizèn timoun anmajorite tifi, responsab Òganizasyon tankou « Centre de Formation et de Recherche en Appui Psycho- Social CFRAPS, SOS village, « Centre d’Orientation et de Soutien à la Famille Haïtienne » COSOFH, branch kore tifi, CRS, UNICEF… patisipe nan selebrasyon jounen dwa timoun yo nan yon anbyans fèt.
« Byen nouri lespri Timoun yo pou bati yon sosyete soude » se tèm jounen nasyonal la. Timoun yo nan katye popilè yo pa gen aksè ak byen komen yo kou nan zòn rekile Depatman Sid la. Timoun yo ta manje, bwè si yo te jwenn epi y ap viv nan yon anviwonnman ki pa pwòp.
Sitiyasyon malouk sa a pouse anpil timoun pran yon move wout epi tonbe nan tout sòt brikganday ki pral mete yo ankonfli ak lalwa. Dewoulman ankèt yo mennen arestasyon epi fèmen yo dèyè bawo olye mete yo nan sant dakèy. Anpil lòt pou kabre sitiyasyon sa a pran wout ofelina yo ki pa san konsekans. Paske anpil fwa timoun yo sibi atouchman, vyòl san konte maltretans. Nan Depatman Sid la gen anpil plent kont yon seri pratik konsa kote enstitisyon IBERS ak konkou lajistis fèmen yo tou senpleman kou bloke finansman yo. Tandiske pou nati zak bouwo sa yo, yo ta dwe arete, jije epi kondane.
Direktè IBERS la, Bertrand Méridien ki reponn kesyon radyo Montagna di nan Depatman Sid la gen plis pase 40 Òfelina ki gen anviwon 1700 timoun k ap evolye ladan yo. Poze l kesyon sou fonksyonnman yo Direktè a te kontante l pou di pou moman sa a y ap travay pou rive rejwenn fanmi timoun ki nan òfelina yo estime ki pa kòrèk yo.
Se lwa mai 1960 ki pibliye nan mwa jen menm lane ki deklare chak dezyèm dimanch mwa jen se jounen nasyonal dwa timoun yo. Sou plan entènasyonal gen dat 20 novembre 1954 ki se jounen mondyal timoun yo. Youn pa depaman ak lòt paske toulède ap fè pwomosyon pou respè ak pou dwa timoun yo repekte.
Nan jou selebrasyon sa a, daprè yon responsab, gen yon mo pou pil timoun ki nan prizon sivil Okay la. Daprè enfòmasyon yo, prizon an gen plizyè dizèn timinè ki fèmen nan selil 00 a. Gen yon premye kategori gen ant 14 pou rive 16 lane. Gwoup sa a gen 34 timinè: 30 tigason ak 4 tifi. Se inikman 2 ladan yo sèlman k ap pije pèn yo. Youn kondane pou 14 lane se pou kadejak, li soti Aken epi lòt la se pou vòl. Dezyèm kategori a se timoun ki te arete mini men vin majè nan prizon an. Gwoup sa a gen 10. Okenn nan yo pako jije.
Sityasyon sa a pa diferan pou timoun ki nan lòt prizon nan peyi a sitou nan depatman Lwès. Sèl sant detansyon ki te pou timoun se CERMICOL. Li nan komisarya delmas 33 a. Men lajounen jodi li plen ak granmoun k ap domi leve nan menm espas la akoz bandi te kraze tout prizon yo.
« Grandi timoun yo nan lanmou, lapè ak respè youn pou lòt », « Bay tifi yo pouvwa yo pou nou kwape vyolans nan kominote yo », « Ann pwoteje timoun yo »… eslogan yo entèresan. Men si dwa granmoun yo pa respekte pa mande pou dwa timoun yo nan sosyete mi wo mo ba sa a.
Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Makslen)