Repost: Okay/Ayiti-Koripsyon. Òdonans jij enstriktè a sou dosye malvèsasyon kèk responsab kès Popilè Okay la toujou nan pasaj.

Aprè plis pase 5 mwa, dosye eskandal koripsyon ki enplike 3 manm kès Popilè Okay la p ap mache si nou kwè grefye jij enstriktè a ki reponn kesyon nou nan kare jij la, jedi 20 janvye 2022 a bò midi konsa.

Daprè grefye jij Jean Robert Jourdain, Michelle Séide, gen anpil bagay ki bloke jij la nan avansman dosye sa a. Li kanpe dèyè kesyon tranblemantè 14 dawou 2021 pase a ki andomaje lespas travay jij yo pandan 2 mwa san konte jij la pa t pote l twò byen. Grefye a ajoute pou l di gen kèk moun jij la tande deja, l ap kontinye mennen ankèt la nan frape kote pou l frape. Antretan jou ap mache.

Dosye enpòtan sa a ap tounen yon jwèt jouk li ret nan fon tiwa lajistis. Pou kèk avoka ak responsab dwa moun ki reponn kesyon nou nan telefòn di , se yon pratik kay jij yo nan trennen ak dosye yo vin jwenn pa gen okenn moun ki nan prizon pou zak kriminèl sa a. Pou yon responsab dwa moun Nou te kontakte pwoblèm lan se kantite dosye jij enstriktè yo genyen nan men yo ki lakòz sistèm lan lou konsa. Tribinal la dwe gen plizyè jij selon gwosè jiridiksyon an pou mennen dosye yo. Nan ka jiridiksyon Okay la gen plizyè jij manda yo fini kèk jou k ap tann, tikantite ki la yo-3 pou pi plis- p ap ka trete pil dosye yo. Tout bagay sa yo lakòz aprè tout mwa sa yo, jij enstriksyon an pako ka remèt òdonans li.

 

Daprè lalwa, jij enstriktè a gen 2 mwa pou l mennen ankèt li, yon (1) mwa pou l soumèt rekizisyon definitif li (RD) a bay pakè jiridiksyon an. Nou ap raple nou, se depi mwa jen 2021 pase a, kanè kès Popilè manm yo pa itil yo anyen. Kès la fèmen paske nan dat 19 me 2021 pase a sou demand ansyen prezidan kès Popilè a, Jean Remous Élysée, jijdepè te debake nan kès la pou yon konsta kote l te mande Lapolis kenbe responsab sa yo: Mathias Bernard, direktè kès la; Sanack Clermenceau, kontab la; Rose Thérèse Séide, kesye anchèf ak Jacques Plaisimond ajan marketing kès popilè a ki gen akizasyon fè wout kwochi ak lajan malere yo nan achte epi vann dola ameriken abon mache bay komèsan nan 3zyèm vil peyi a anpatikilye.

Pou kounye a, tout akize yo swa ap pwomennen nan komin lan oubyen chape poul yo. Sanack Clemenceau ki te jwenn arestasyon l te rive libere ak yon aksyon abeyas kòpous ta sanble pa nan peyi a. Daprè nouvo prezidan kès la, Jean Louis Durand, se plizyè milyon goud ki banbile nan men mesye dam dirijan eskanmòte kès popilè Okay la. Li mande pou lajistis fè chimen l epi pou kès la kontinye itil kominote a. Sa fè 2zyèm eskandal koripsyon ki pase nan 3zyèm vil peyi a. Premye a se ka kès Lumutec (LIMITEK) kote responsab yo te pati ak plizyè milyon goud manm li yo anba je lajistis.

 

Aprè 72 lane, Kès Popilè Okay la sou wout pou l pa egziste epi lage malere/ malerèz yo 2 bra balan, san ti ekonomi yo. Alèkile, viktim yo ta dwe monte yon asosyasyon, pote plent epi remèt dosye a bay yon kabinè avoka. Si lajisti pa jouke dechepiyè yo jije epi sezi byen yo, zak kriminèl sa yo p ap sispann nan kominote yo Kote Kès ap monte pasi pala.

 

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

Facebook Comments

1 COMMENT

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here