Atelye- echanj, ekspozisyon foto, konferans deba, wèbmastè… aktivite yo divès pou make 110 lane depi sòlda lame etazinyen an te vin dechèpiye rezèv lò peyi a nan Bank Santral peyi d Ayiti sou tèm: « 17 desanm 1914 – 17 desanm 2024: 110 lane depi enperyalis meriken pote ale rezèv lò nan bank santral repiblik d Ayiti – Pep ayisyen ap reklame jistis, restitisyon ak reparasyon ».

 

Okay 17 desanm 2024

Platfòm Ayisyen k ap Plede pou yon Devlopman Altènatif (PAPDA) ki gen ladan l: ICKL, ITECA, ANDAH, SOFA, CRAD, MITPA komemore 110 lane  brakaj ame pisans enperyalis la te fè sou Bank Nasyonal la sou tèm: « 17 desanm 1914 – 17 desanm 2024: 110 lane depi enperyalis meriken pote ale rezèv lò nan bank santral repiblik d Ayiti – Pep ayisyen ap reklame jistis, restitisyon ak reparasyon ».

Entèvenan yo se Pwofesè Georges Eddy Lucien, Petit -Jean Derinx epi Micherline Islanda Aduel t ap mennen atelye a. Aktivite a te bati sou 3 moman nan wè kontèks nasyonal ak entènasyonal epòk la, konsekans dechèpiye rezèv lò nou an nan jesyon finans peyi a epi prezante altènatif: Souverènte politik, finansye, enèjetik, alimantè…peyi a.

Atelye / echanj sa fèt nan moman anpil moun ap lite chak jou pou jwenn sekirite, jwenn lamanjay, ekonomi peyi pwatrinè ak jandam FMI yo, jwenn aksè ak byen komen yo, ak pou espwa fleri, oblije fouye bòl istwa peyi a pou Konprann se tout yon konstriksyon pou trennen peyi a anlanbo epi militan yo marande kò yo pou kase ren sistèm kapitalis la.

Militan yo kase randevan pou fen mwa janvye 2025 k ap rive a pou reyalize yon lòt atelye detan y ap kontinye travay tematik la pou yo ka kontinye fè pledwaye sou kesyon sa.

Yon lòt kote, Kolektif Ranson 1825, Sant Kiltirèl Pyepoudre òganize yon ekspozisyon foto ansanm ak yon konferans pou make 110 lane piyaj rezèv lò sòlda ameriken yo te fè sou Bank Nasyonal peyi dAyiti. Aktivite sa vize mete limyè sou youn nan pi gwo epizòd eksplwatasyon ekonomik Ayiti te sibi, e ki kite tras sou popilasyon an jouk lajounen jodi. Sèk Makandal bò kote pa l ak Roland Belizaire epi Camille Chalmers marye lajan kolonyal 1825 lan, vòl rezèv lò peyi a 1914 la ak modèl piyaj aktyèl yo pou anpeche peyi a devlope.

 

Bay kou bliye, pote mak sonje. Tout militan nan Òganizasyon popilè konsekan yo dwe kontinye Batay pou peyi a rejwenn Souverènte epi egzije peyi Etazini remèt peyi a rezèv lò li te kidnape nan Bank Santral peyi a. Yon kantite lò kite evalye ak 500 mil dola ameriken nan epòk la.

 

Max – Imbert Marcelin

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here