Nan yon moman kote gwo bwi ap kouri sou dispozisyon ki pran nan kan mafya, pou entegre Gang yo nan jesyon dirèk zafè sosyo-ekonomik ak politik peyi a, mesyedam kidnapè yo ap miltipliye entèvansyon nan medya pou fè santi ke yo chanje dimansyon. Yo fè gwo deklarasyon solanèl sou sekirite peyi a, kote yo deside bay pasaj ak kèk machin nan zòn Matisan ak Kanaran mwayennan chofè yo rèspekte konsiy chèf Gang yo.

Nan politik mètdam ameriken yo pou jete konfizyon toupatou nan peyi a, Gang yo reprezante yon lasdatou nan dispozitif Etazini ak Core-Gwoup sou teren an.  Lalim ak anbasad ameriken te federe yo nan gwoup G9 pou te kenbe pouvwa Jovnèl la ki t ap balanse, jodi a se emisè espesyal ameriken ki vin fè yo jwenn antant, regwoupe yo anndan Mouvman ” Viv Ansanm “, ba yo nouvo direktiv pou yo pi efikas nan travay la. Sepandan, kesyon tout moun ap poze, apa posiblite pou Gang yo gen kapasite reziste anba Bwakale, kisa Etazini ap chache lè l mete Gang yo nan nouvo asosyasyon sa?

 

Nan yon moman kote gwo bwi ap kouri sou dispozisyon ki pran nan kan mafya, pou entegre Gang yo nan jesyon dirèk zafè sosyo-ekonomik ak politik peyi a, mesyedam kidnapè yo ap miltipliye entèvansyon nan medya pou fè santi ke yo chanje dimansyon. Yo fè gwo deklarasyon solanèl sou sekirite peyi a, kote yo deside bay pasaj ak kèk machin nan zòn Matisan ak Kanaran mwayennan chofè yo rèspekte konsiy chèf Gang yo. Mèt neyokoloni an bay Gang yo pwomosyon, li mete yo nan ran Òmdeta pou bay ameriken yon nouvo kliyantèl politik akote machann dwòg yo sou teren an. Depi dènye pasaj emisè Etazinyen ki te fè anpil tan ansanm ak Gang nan katye popilè, pou te konseye ak regwoupe yo nan gwo Mouvman Gang “Viv Ansanm ” nan, Ameriken montre tout moun ki kote l kanpe ak pou kilès li deside mouye chemiz li, paske se Gang yo k ap travay pou li. Nan yon rèv jeklè, yon gwoup mafya nan oligachi ameriken, deja wè Etazini nan tèt yon gouvènman mondyal akote dòt epav nan oligachi Ewopeyen an, pou pran kontwòl richès tout Limanite nan lojik kite sèlman yon milya moun rich (milyadore) sou latè. Konsa, pwogram redwi popilasyon mondyal la nan pòch yo menmsi l difisil pou aplike danlapratik. Se pou sa, yo fè Bidjè sou richès tout peyi sou  latè, y ap mache fè koudeta pou retire moun ki pa nan gou yo, paske tout eleksyon kote pèp yo pa mete moun ki rèstavèk, pa akseptab e y ap pran sanksyon pou pini pèp rekalsitran yo. Gang ak teworis yo gen misyon pèsekite moun nan peyi domine, diminye èksperyans devi e fòse moun yo abandone richès lakay yo pou y al mouri nan lanmè ou nan mizè kòm vilgè refijye toupatou. Oligachi sipè mondyalis sa antre mond lan nan yon lanfè pou l pran kontwòl tout bagay. Entelektyèl an Chin, an End kòm an Risi ap anbète oligachi beni sa anndan lòd “pòs mondyalis la” tankou moun aryere. Sepandan, atravè diskou chèf deta ak chèf gouvènman ki sot defile sou Tribin Nasyonzini nan mwa septanm 2023 a, ekip mafya konstate ke rèv milyadore a depatcha, paske pifò peyi nan tout kontinan yo dispoze goumen pou defann enterè ak souverènte yo. “Ibert Vedrine ” yon politisyen franse te gen rezon lè l di lòdjou : “Pou Oksidan Rive Kenbe Dominasyon l San Konsesyon, Li Dwe Pare Pou Fè Lagè Kont Tout Limanite “. Donk, politik Gang ak Teworis la gen twòp feblès pou l pèmèt Etazini ak Linyon Ewopeyèn kenbe Limanite nan kondisyon demi esklav la. Pèp yo nan batay, Ayiti p ap kouche pou l kite Gang ak Core-Gwoup fè lalwa nan peyi a.

 

Kidonk, lè Prezidan Chinwa Xi Jinping di Putin nan mwa mas 2023 a: ” Nou sot fè yon chanjman ki gen plis pase 100 lane ki pat janm rive nan monn lan “, li te vledi Ris ak Chinwa sot chanje lòd mondyal la, menmjan Sekretèdeta Ameriken Antony Blinken sot konfime koze a nan jou ki sot pase yo. Yon gwo kriz ideyolojik enstale nan kan mafya kote yo pèdi kredi nan je tout moun. Jodi a, tout ayisyen ap pale pawòl la, Loni di se Etazini ki ame Gang yo pou masakre moun nan peyi a pou l regle zafè pa l alòske gouvènman Malyen depoze plent devan Loni ak prèv videyo pou montre ke se Lafrans k ap ame teworis nan peyi Mali. Nan kondisyon sa, ki kote Etazini ak Lafrans pral jwenn otorite pou fè rèspekte modòd yo? Donk an Ayiti kòm sou lòt kontinan, peyi mafya yo ap domine gras ak fòs brital yo genyen. Pwogresis ayisyen yo, p ap pran nan jwèt mètdam Gang Etazinyen yo k ap ofri asistans bay menm pèp y ap kidnape, maltrete ak touye a. Patriyòt  ayisyen dwe kontinye òganize batay la nan mitan mas popilè yo toupatou, pou levekanpe jeneral la ki dwe rezoud kesyon Gang, rezoud pwoblèm pouvwa a, rive bay peyi a yon nouvo direksyon pou chanjman pèp la ap chache a tounen reyalite.

 

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, Vwa Rezistans Popilè No96

25 septanm 2023.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here