Plis pase 20 moun mouri kankannen sou plas nan Miragwàn epi plizyè dizèn lòt boule ap pran swen nan lopital St Thérèse ki debòde aprè yon sitèn fin pran dife frape, maten samdi 14 septanm 2024 la, daprè yon sous ki enfòme sal nouvèl Radyo Montagna.

Okay samdi 14 septanm 2024

Daprè enfòmasyon yo, se maten an, bò 8tè 30 konsa aksidan sa a pase nan mòn Privert, zòn kalfou kalbasye pou tonbe kalfou Reynols. Selon sous la,  Tankè gaz la t ap soti nan waf Miragwàn lan te frape ak pwent douvan yon trelè ki kreve dèyè sitèn gaz la ki te koumanse koule. Kanpe pi lwen, anpil moun nan zòn lan te vin pran gaz epi se konsa dife pete sou yo. Plizyè moun pèdi lavi yo pami yo timoun ak fanm ansent, machin ak moto boule.

Pou jan sitiyasyon sa a depase nan lopital Sent Terèz la, si pa gen yon dilijans pou viktim yo jwenn swen ka yo mande kantite moun yo pral ògmante.

Gaz se yon pwodui danjere. Èske se pa paske gaz ap van toupatou kou ponp gazolin k ap enplante nan zòn abitab yo ki lakòz sitwayen yo santi yo alèz ak li?

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here