Pwoblèm Anviwonnmantal yo ap pwente chak jou sou sitwayen yo pasi pala nan kominote yo ak mòd otorizasyon Meri yo ap delivre ki gen gwo enpak sou anviwonnman, sou sit ,zòn natirèl ak zòn rezidansyèl yo.
Okay, Samdi 15 mas 2025
Depi ayè vandredi 14 mas 2025 lan plizyè òganizasyon kou militan Anviwonnmantal ak Ekolojis toupatou nan peyi a, komin Ench anpatikilye ap denonse eksplwatasyon sab nan sit natirèl Basen Zim nan komin Ench, Depatman Sant peyi a, rivyè Gwayanouk alimante.
« Réseau de l’Intelligence Appliquée en Haït (RIAH) » nan yon nòt piblik denonse zak degradasyon, vandalizasyon Gwòt Basen Zim lan. Daprè RIAH, depi plizyè lane, li konstate tantativ dappiyanp, aksyon vandalis ak move jesyon pa sispann fèt sou patrimwàn natirèl ak kiltirèl sa. Espas la se pa sèlman basen an, kaskad la , gen yon gwòt tou ki rele « Gwòt Sen Pyè » ki atire anpil vizitè.
N ap raple, sa pa gen lontan depi endividi moun pa t rive idantifye te mete dife nan pyebwa ki sou tèt mòn ozalantou sit la.
http://radiotelemontagna.com/yo-mete-dife-nan-ti-fore-ki-sou-kote-basen-zim-nan
RIAH swete reprezantan Leta yo, aktè lokal yo, òganizasyon yo, Asosyasyon Devlopman Kominotè Basen Zim (ADKB), pran responsabilite yo, pou yo pwoteje l.
Pa gen twòp enfòmasyon sou konpayi k ap eksplwate sab la ni jwenn plis sou kalite sab la, men se sèten, si anyen pa fèt pou estope l epi fèmen l basen Zim ak degrade jouk li disparèt.
Sa gen plizyè mwa depi nan 3zyèm vil peyi a òganizasyon Konbit Ekolojis Sid te pran pozisyon kont eksplwatasyon sab lanmè sou plaj Jele kou sou zòn kòt li yo. Men malgre yon Arete Kominal nan dat premye septanm 2024 pase a, Lameri Okay mete deyò se atò pratik la ak kontinye kou lòt k ap atake sitwayen yo nan kominote yo. Men sanble se yon nòt pou te fè òganizasyon konsekan yo dòmi olye Arete a frennen tout sa ki anòmal nan kominote a.
Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)
RTM