Yo mete dife nan forè ki sou kote Basen Zim nan

Okay, 14 avril 2023

Menm jan sa ap fèt nan Pak Nasyonal Makaya, Lavizit ak Forèdèpen, gen yon moun yo kalifye moun tèt pa dwat mete dife nan yon pati nan zòn ki antoure Basen Zim nan Papay, Depatman Sant peyi a. Enfòmasyon yo fè konnen se pandan moun lan t ap fimen li lage pòy sigarèt la atè epi dife pran.

Nan yon ti pale ak kèk lòt moun ki pa t vle bay non yo, eksplike se pou jwenn tè pou fè jaden dife a mete. Youn ladan yo fè kwè yo te tante arete misye a men li sanble al refijye li nan komin Mibalè. Kidonk zafè tèt pa dwat la sanble pa fin kenbe.

Enfòmasyon yo fe konnen se nan mwa me ak jen ki konn gen gad forestye nan zòn nan, apre sa espas la lage konsa. Apa yon sitwayen bòn volonte ki toujou la pou resevwa vizitè yo, kèk lòt konn vini pou eksplike ak oryante vizitè yo tou.

Ayiti se yon peyi rich se sa nou konprann. Men moun k ap dirije peyi a plis kwè nan koze Bank mondial ak Fon monetè Entènasyonal (FMI) ki vize andete peyi a ak anvlimen agrikilti ak anviwonman an ki deja sou lagraba.

 

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here