8 jiyè 2022:

Ansyen aminis Espò ayiti an  Arete samdi 2 jiyè 2022 pase a nan peyi Porto- Rico, ak yon manda entènasyonal pou abi seksyèl, move mès, vyòl ak zak pedofil, ansyen minis espò a, Evans Lescouflair mare tounen nan peyi a, ayè mèkredi 6 jiyè 2022 a pou l vin reponn kesyon lajistis, daprè sa Radyo Montagna konstate sou paj ofisyèl facebook Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH).

Nan dat 24 mas 2022 pase a, jounal Britanik « The Guardian » te ekri Claude – Alix Bertrand, kapitèn ekip Ayiti nan jwèt Polo a, Anbasadè UNESCO pou Ayiti a, pote plent kont ansyen monitè espò nan lekòl “Saint – Louis de Gonzague”, Evans Lescouflair ki te konn fòse l fè bagay ak li, lè te gen 11 lane.

Sa fè plizyè semenn depi Lapolis t ap chache prezime Kriminèl la -ki te gentan kite peyi a- sou demand Komisè gouvènman jiridiksyon Pòtoprens lan, Jacques Lafontant. Kòm ansyen minis espò a te deside boude envitasyon jiridiksyon l ap dirije a te voye ba l nan dat jedi 12 me 2022 pase, chèf pakè a transfòme manda a pou DCPJ chache epi trennen douvan l akize a. Aktyèlman, akize a nan gadavi ap reponn kesyon Lapolis.

Se pa premye fwa non ansyen minis espò a site nan zak sa yo. Nan lane 2010, swa 3 out 2010 te gen yon plent konsa ki te depoze kont li sou 2 chaj akizasyon: prezime vyòl ak fè bagay ak yon minè 16 lane, Wilio Dor. Men afè sa a te vit klase san swit sou lòd ansyen Komisè gouvènman jiridiksyon Pòtoprens lan, Horracidas Auguste malgre viktim lan te ak yon sètifika medikal. Nan lane 2015 minis espò nan epòk sa a, Himmeler Rebu te fè yon akizasyon gratis nan denonse atak predatè a sou jenn jwè nan Sant espòtif Teknik Federasyon Ayisyen Foutbòl la nan komin Kwadèboukè. Politisyen tradisyonèl majò jon pati politik “Grand Rassemblement pour l’Evolution d’Haïti (GREH) a pa t oze pou otan pran chimen legal yo kou pil lòt ki pa jwenn fòs pou denonse zak kriminèl Lescouflair yo.

Bò kote pa viktim lan, sou paj facebook li, deklare, aprè pil tan lapenn ak soufrans k ap ravaje li, yon premye pa franchi pou tout viktim prezime asasen an, pou timoun, fanmiy ak sosyete a jwenn jistis. Jenn atlét 47 lane a di, Koze abi seksyèl sou tigason yo dwe kaba nan peyi a. Li fini pou l di, mons lan jwenn arestasyon l.

Selon mèt avoka militan Jonas Badette ki reponn kesyon RTM, lè yon moun koupe yon timoun l ap pran 15 lane nan prizon. Si timoun lan te sou te otorite li, se li ki te responsab li, epi l tayè l, moun lan ap fè tout viw nan prizon. Mèt Badette rale atik 279, 279 ak 280 kòd penal Ayiti a.

Pratik kriminèl sa a gaye toupatou nan peyi a. Andedan enstitisyon relijye yo, layik kou Leta a, li la. Lè lajistis ta resi jouke epi jije yon koupab, se menm lajistis sa ki pral chache yon mwayen pou libere l aprè yon ti kras tan poutan se pèn kapital ki sou do yo. Toutotan se mòd jij sa yo ki nan sistèm jistis la dlo ap toujou koule sou machwa viktim yo epi dezespwa ap kontinye anvayi yo.

Max- Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here