Yon lane aprè gwo eskandal koripsyon kite eklate nan Kès Popilè Okay la ki te lakòz li fèmen pòt li pandan yon lane, rekoumanse fonksyone daprè sa nou li nan yon nòt ki afiche nan baryè Kès la, jodi lendi 16 me 2022 a.

Daprè nòt sila se depi lendi 9 me pase a kès la rekoumanse fonksyone, men jodi lendi 16 me 2022 sa a, tout pòt ret fèmen. Avi a di annatandan responsab yo jwenn mwayen pou yo ka pèmèt sosyetè yo fè retrè, direksyon an anonse sosyetè ki dwe yo sèlman y ap ka resevwa pou vin peye dèt yo anvè kès la. Nòt la fini pou l di mèsi anpil pou paysans ak konpreyansyon chak grenn soseytè.

https://radiotelemontagna.com/repost-okay-ayiti-kopripsyon-odonans-jij-enstrikte-a-sou-dosye-malvesasyon-kek-responsab-kes-popile-okay-la-toujou-nan-pasaj/

Si anpil manm Kès la: timachann, chany, ti pwofesè ak bouretye di yo bat bravo paske yo gen konfyans yo p ap pèdi ti ekonomi fòse yo,  kèk lòt panse aprè yon lane (19 me 2021 – 19 me 2022) lajistis ap dodomeya. Lajistis ap kase fèy kouvri sa san okenn moun pa peye pou zak kriminèl sa a. Anpeche yon malere gen aksè ak lajan l oubyen fè wout kwochi ak lajan sosyetè yo se yon krim ki dwe pini.

 

Depi mwa jiyè 2021 pase a, se jij Jean Robert Jourdain ki gen dosye a, li  pa rive arete okenn sispèk san konte li depase delè lalwa ba l pou l te remèt òdonans li. Dwayen an, Jean Ezekiel Vaval pa leve tidwèt li nan retire dosye a nan men jij la epi Komisè gouvènman jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond bò kole pa l patinen paske l pa t mete aksyon piblik anbranl lè jijdepè Paul Tarte te arete preveni yo, libere yo 20 me 2021 san okenn chaj. Louvri kès la san lajistis pa chache nivo enplikasyon chèf kès la, Rose Thérèse Séide, kontab la, Sanack Clémenceau, responsab maketing, Jacques Plaisimond, Mathias Bernard Direktè kès la ak Jean Remous Élysée ki se ansyen prezidan kès la ki ta disparèt plis pase 50 milyon goud nan achte dola vèt se posiblite pou menm zak sa a repete nan kès la ki ap fonksyone nan komin lan depi 1949 la , dapre kèk sosyetè. (videyo)

https://youtu.be/Y2u5AJEmzAw

Pawòl la di « lajistis leve yon nasyon ». Tank jij yo nan chèn penal la pa rive jwe wòl yo nan aplike lalwa, se tank moun move manyè ap kontinye fè zak malonèt epi kouvri anba dra enpinite a.

 

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here