Yon tèrib aksidan sikilasyon sou wout Ayewopò Okay la, ayè lendi 8 desanm 2025 sa, bò 7:30 konsa nan maten, lakòz 2 moun mouri sou plas ladan yo yon elèv 6 lane.
Lendi 8 desanm 2025
Manel Emilce se non papa youn nan 2 timoun ki te ak li sou yon moto lè yon gwo kamyon sab ki t ap kouri antre sou yo nan koub Kafou Krich la.
Daprè enfòmasyon yo, Manel te kanpe bò wout la -andireksyon kafou Simon pou l te mete yon lòt moun atè anvan l t ap vire antre nan lekòl SOS Vilaj Danfan an. Se ta nan vire antre sa, kamyon an ki te nan menm direksyon an ta antre sou yo nan koub la, krabinen yo.
Manel ak youn nan timoun yo Kerven mouri sou plas epi lòt timoun lan – pitit pa li a – ap pran swen nan yon lopital nan komin Okay la.
Sou twonson wout sa, veyikil ak motè yo se boulinen san gade dèyè. Kit se kamyon trelè, kamyon sab pa respekte kamyonèt – rache pwèl yo kou yo menm pa gade moun ki sou moto, bisiklèt ak apye yo pou anyen. Kòm pa gen patwouy fiks kou patwouy mobil sou wout sa kou lòt yo, se kondiktè yo ki etabli règ yo nan kondui jan yo pipito kote aksidan pa sispann repete.
Wout prensipal yo deja se yon tifilang wout men sa pa vle di anyen pou chofè delenkan yo k ap mete lavi pasaje kou kondiktè yo andanje sou wout yo.
Aksidan sikilasyon yo te ka evite si otorite yo te jwe wòl yo nan lameri, Lapolis, elatriye. Men yo plis sou foulay. Paske tout desizyon yo ta pran ret sou papye tèlman yo nan konfyolo ak chofè yo lè se pa mèt machin yo ye.
Pou jan moun ap pèdi lavi yo kou byen sa yo soti anlè Wout Nèf sa pou rive kafou Simon, Lameri ak Sèvis Sikilasyon nan Direksyon Sid PNH la te dwe pran desizyon pou mate chofè dezòd sa yo. Men yo pito ap plenyen kou kenpòt sitwayen.
Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)
RTM















