Nan yon lèt ki pote dat 30 desanm 2024 la, Meri Okay anonse direktè fiskal li a, Warking Guerrier li mete fen ak kolaborasyon yo. Yon desizyon ki vini touswit apre meri an fin mete deyò yon rapò naratif san rapò finansye ki reprezante bilan yon lane konsèy la nan tèt Meri an.
Okay, madi 31 desanm 2024
Nan kad batay komisyon kominal Okay la di l ap mennen pou kwape zak louch nan meri a, pran desizyon pou mete direktè sèvis fiskalite a ak direktè mache kay fè sou sanksyon san touche senkòb. Mete direktè Fiskal li a, Warking Guerrier kanpe lwen paske li pa respekte mach aswiv akministratif ak finans piblik yo. San bay plis detay sou nati dezòd sa yo, lèt ki pote siyati prezidan Komisyon Kominal la pa mansyone pou Konbyen tan ta vle montre se yon revokasyon andousè ki fèt.
Pou youn nan dosye ki sou tèt direktè Guerrier selon yon sous nou fè konfyans se ta pou yon koze otorizasyon pou yon gravèl kote l ta foure nan pòch li ant 500 mil goud ak 1 milyon goud ki ta fèt andeyò kad administratif yo.
Responsab yo nan meri a ta okouran dosye gravèl la nan koumansman lane fiskal 2023-2024 la. Nan dat 30 me 2024 pase a, 2 manm nan Komisyon Kominal la te oblije ekri direktè sanksyone a yon lèt kote yo te blame l pakse li siyen sa li pa gen dwa, li itilize so Meri a sou kèk dosye sispèk ak fè wout kwochi ak lajan CFPB, elatriye.
Bay otorizasyon pou pwojè bidon k ap anmède lavi sitwayen yo tankou ponp gazolin, izin vetivè, konstriksyon depo pa sispann pase andedan Meri Okay la malgre gwo kontestasyon ki konn fèt kont yo.
Nou ap raple, sa pa gen lontan depi Direktè sou sanksyon an, Warking Guerrier te douvan polisye SDPJ yo pou yon dosye louch. Èske se konsa pou meri Okay panse l ap kwape koripsyon si anplwaye fotif yo pa peye selon lalwa pou zak yo? Direktè Walking Guerrier nan tèt sèvis fiskalite a depi plis pase 10 lane, ki pi gwo zak li do fè nan Meri a? Kilès ki nan rezo sa a?
Yon lòt kote, Komisyon an revoke direktè mache Kay Fè Okay la, Etzer Fantal ki nan tèt mache a depi mwa avril 2022 pase a. Lameri akize l nan pran lajan nan men moun pou l ba yo plas sa ki bay yon pakèt konstriksyon ilegal andan mache a. Yon pratik direktè tout mache yo nan komin Okay la livre yo.
Pou anpil moun nan komin Okay la, sa gen lontan, lontan Meri Okay se yon bwa kote koripsyon ap taye banda l. Revoke anplwaye yo san arete yo, jije yo epi sezi byen yo se posiblite pou kenpòt lòt rejim retounen ak yo Kòm bon moun nan Meri Okay la.
Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)
RTM