France Jules, se non yon jenn fanm 30 lane yo asasinen lakay li nan lannwit samdi 11 pou louvri dimanch 12 me 2024 la nan komin Pòtapiman. Yon zak ki ogmante lis byen long fanm ki viktim yo.
Okay, madi 14 me 2024.
Daprè komisè Watson Azor ki reponn kesyon radyo Montagna di jenn fanm lan pa t nan kay la poukont li. Li te gen pitit li, bèl sè l, ak yon grandèt fanm. Se yon kri ki fèt ki pouse lòt yo al gade epi konstate viktim lan ak kou l koupe ap benyen nan san l.
Daprè premye eleman ankèt yo, France te kite ak premye mari l epi ap viv ak yon lòt nèg. Ta sanble, li te vin rekonsilye ak papa pitit li sa ki pa fè afè dezyèm nèg la ki ta komèt krim lach sa a. Antretan, papa pitit li a nan men lajistis, fèmen nan komisarya komin Koto depi dimanch 12 me 2024 pase a epi Lapolis ak lajistis ap chache 2zyèm lan ki nan mawon.
Aprè konsta legal yo, jijdepè Pierre Paul Preservil ak grefyèl l Edric Borgella, bay lòd pou leve kadav la. Jenn fanm lan t ap travay nan lekòl kindègaden « Jardin Vert », mouri kite yon timinè.
Nan dènye jou sa yo, ka asasinay yo ak bal, manchèt kou kouto ap rive pası pala nan 3 jiridiksyon depatman Sid la. Aken, Senlwi nan Sid, Okay, Tòbèk, Disis, Pòtapiman ak Lèzanglè pou nou site sa yo sèlman, nouvèl sa yo repete twòp nan dènye jou sa yo.
Nan Depatman Sid la gen Delege a gen anpil nèg ame nan Back – up li, jal Komisè Ronald Richemond plen nan ekip li, Lameri Okay gen Polis Milis, Prezidan AMSUD la, Fritznel Chèry gen ekip pa l san konte BSAP ak Lapolis ta dwe deloje eskadwon lanmò mòd Leta sa byen rapid. Men li klè gwoup ame sa yo se pou sekirite zotobre yo la, zafè sitwayen yo.
Si otorite yo pa lage diferan yo atè, marande kò yo, yo p ap ka mate fwaye bann Kriminèl sa yo k ap louvri zèl yo nan kominote yo.
Maks – Enmbèr Marslen
RTM