Ansyen jounalis animatè politik “ Pawòl Lage” sou radyo Lebon FM, Jean Evalio Sylvestre mouri daprè sa sal nouvèl radyo Montagna aprann, maten jedi 24 novanm 2022 a.

 

Okay 24 novanm 2022.

Daprè enfòmasyon yo se ayè mèkredi 23 novanm 2022 a nan aswè konfrè a ki pa t rekonèt okenn moun, rann dènye souf li nan peyi Etazini (Orlando). Depi 15 out 2022 pase a konfrè jounalis la t ap eseye reprann li aprè li te fin fè yon aksidan Selebwo vaskilè/ Estwòk (AVC) ki te gen gwo enpak sou sante li.Konfrè a mouri ak laj 48 lane epi kite madanm ak 2 pitit.

 

Yon lòt kote, konfrè jounalis/ Kameramann Amos Senat k ap dirije Amos Infos depoze yon plent douvan pakè jiridiksyon Okay la kont Frantz Arthur Mauvais yon bizismann nan vil la. Daprè responsab Amos Info a ki reponn kesyon RTM di, li pran trè oserye menas lanmò ak anpwazònman ki sou tèt li a. Kòm li kwè nan lajistis peyi l se pou rezon sa a li depoze yon plent. Konsa akize a ap gen pou l parèt douvan Komisè gouvènman an pou l bay plis eksplikasyon sou menas li yo.

Nan dènye jou sa yo, anpil konfrè nan komin Okay la anba menas ak pèsekisyon ki pandye sou tèt yo. Radyo Tele Montagna denonse epi kondane zak entimidasyon ak menas a yo detan l ap mande pou Lajistis jwe wòl li pou anpeche yon lòt jounalis pa asasinen kou sa te fèt sou jounalis Gary Tesse sa gen yon mwa.

 

Sal nouvèl Radyo Tele Montagna voye tout senpati ak solidarite l pou fanmi, kolaboratè ak tout fanmi laprès la ki afekte pa depa konfrè a epi swete li yon bon travèse.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here