2 moun mouri ak kèk blese se bilan yon atak ame nèg ak zam fè nan vil Okay aprèmidi 28 septanm 2023 a.

 Okay, 28 septanm 2023

Guy Louizaire ak Wisler Berger se non 2 sitwayen sa yo ki tonbe anba bal nèg ame, aprèmidi jedi 28 septanm 2023 a nan zòn Lwès sant vil la, 2 Mapou.

Si n kwè enfòmasyon yo se yon zak asasinay paske Guy Louizaire resevwa plis pase 5 bal kou moun ki te akonpaye li a.

Guy Louizaire, se yon komèsan nan vil la ki envesti nan vann pwodui premye nesesite, otèl pou nou site sa yo sèlman. Viktim yo te pral rann dènye souf yo nan 2 lopital diferan: Ofatma ak Lopital Jeneral Okay. Depataje viktim yo se yon mank konsiderasyon.

Aksyon Kriminèl sa a pase detan viktim yo t ap antre lakay yo nan yon zòn kote gen anpil moun k ap vann, gen estasyon machin, moto. Pou kèk obsèvatè ki reponn kesyon RTM, pa konprann kouman bandi yo aprè zak Kriminèl la, pran direksyon twonson wout Jele a san enkyete.

Dènye zak sa vin ogmante yon lis byen long antreprenè ki deja viktim nan atak nèg ame ak zam nan vil Okay malgre gwo demonstrasyon otorite yo fè nan depatman an pou kwape bandi k ap simen laterè.

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

 

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here