Nan yon konferans pou laprès, òganizasyon « Sid Kanpe » bay jodi jedi premye septanm 2022 a nan sal konferans Radyo Macaya sou Bejo a, drese bilan premye lane yo epi sapata antre anfonksyon nouvo delege defakto Depatman Sid la, Joseph Ketnor Estinvil.

 

Okay 01 septanm 2022

Kòdonatè jeneral òganizasyon « Sid Kanpe », Jolove Lamarre Joseph akonpaye ak responsab relasyon piblik la, Markendy Juste bat lestomak yo nan prezantasyon bilan premye anivèsè  anreta òganizasyon an ki wè jou nan dat  21 jiyè 2021 a nan lokal « La Cayenne des Icaques »,  san yo pa t bay rezon an ni bay eskplikasyon sou lòt manm ki kite bato a.

 

Pou reprezantan sa yo, òganizasyon an te fè plizyè aksyon kòm manifestasyon 27 mas 2022 a, some 3 Komisè gouvènman nan 3 jiridiksyon depatman an pou mande yo pran responsablite yo nan kesyon mache paralèl gaz la nan mwa jiyè pase a ak simaye bandwòl nan kèk komin nan okazyon fèt patwonal yo. Kòdonatè a te tou pwofite anonse kèk inisyativ y ap karese tankou mete kanpe yon emisyon nan medya yo pou fomè popilasyon an ak pou ta drese yon bilan sou 14 mwa pasaj matonton goudougoudou pisans 7.2 ki te frape gran Sid la, depatman Sid la anpatikilye.

 

Òganizasyon « Sid Kanpe » se yon òganizasyon k ap batay sou plan politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl nan lide pou rejyon an kapab jwenn otonomi l.

 

Poze yo kesyon sou nouvo delege defakto a, Estinvil, plim reprezantan òganizasyon ki reklame òganizasyon presyon an leve. Malgré nouvo reprezantan premye minis/ prezidan defakto a pote menm revandikasyon ak « Sid Kanpe », ni Joseph ni Juste pa panse Estinvil ka vin regle anyen la. Yo swete wè gouvènman an pati ak tout pil nominasyon l ap fè yo.https://radiotelemontagna.com/yon-enstalasyon-politik-anba-chapo-represyon-nan-okay-pou-joseph-ketnor-estinvil/

 

Pran kalifikatif gwoup presyon, « Sid Kanpe » pa kanpe dèyè revandikasyon popilè mas yo malgre li rele tèt li « gwoup presyon ». Veritab gwoup revandikatif yo kanpe dèyè revandikasyon yo tankou yon sizo dèyè twèl jiskaske yo jwenn  sa y ap goumen pou li a. Se pa Kenbe lage.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here