“Les Cayes Marathon” (LCM) òganize 5 Kyèm edisyon semi maraton 21.1 kilomèt pou atlèt amatè yo soti Kavayon- Okay- Sant vil anba yon lapli yenyen ki pa t rive mete piblik la lwen aktivite espòtif la.

Okay dimanch 16 avril 2023

Se anba eslogan “N ap Kouri ansanm pou w rive” LCM a, bò 6zè 30 konsa nan maten, konpetisyon an demare. Atlèt yo t ap kouri nan plizyè kategori laj: jenn fanm, jenn gason epi elèv lekòl. Antotal se yon kantite 150 espòtif ki patisipe nan manifestasyon espò semi-maraton 21.1 kilomèt la.

Òganizatè yo nan edisyon sa a tou reyalize premye edisyon maraton pou elèv lekòl yo. Yo menm kouri sou yon distans 10 kilomèt soti bò plas Loran an pou fini menm Kote a, Kafou Orèl.

 

Malgre lapli a t ap yenyen, yenyen, asistans lan te kanpe anba pyebwa sou galri, bò wout yo ap aplodi espòtif yo oubyen anmède lòt sou sikwi a komsidire yo p ap regle anyen. Chanpyon nan kategori gason an pati konsa: Anderson Désirin (Akayè-Lwès) kenbe tit li, premye, James Saël (Pòsali-Sid) dezyèm ak Amos Berzendieu (Okap-Nò) twazyèm. Pou kote medam yo : Jesumène Colin (Benè-Sidès) chanpyon antit, premye, Claudine Jean Jacques ( Benè-Sidès) dezyèm ak Michana Uluse ( Akayè-Lwès) twazyèm. Se pa premye patisipasyon yo nan konpetisyon an.

Bò kote sekirite menm, se wololoy. Tout gwoup ame yo te sou pakou a ak pil gwo zam fann fwa nan men yo. Ajan Back up Delegasyon Sid la, Polis Minipal Okay la,  ekip sekirite jal komisè jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond ki prezan sou Boulva 4 chemin. Nou te konstate anjan kò UDMO a te ame ak revòlvè yo ki pa t diferan pou ajan administratif PNH la. Pouki demakasyon sa?

Plizyè manm nan epik Okay Maraton an pandan semenm 12 avril  2023 a  pa t sispann klewonnen y ap pwofite manifestasyon sa a pou vann komin lan ak envite touris vin vizite l. Entansyon louwab. Konsa yo te swete wè vil la pwòp. Men se pa sa reyalite a ye.  Si kèk twou te bouche nan sikwi a ak sab men soti pont Lilet menm pou antre nan sant vil la montre yon lòt bagay. Fatra ap boule sou boulva a, lafimen ap monte degaje yon move lodè epi antre prensipal sant vil la, Boulva 4 chemen an menm, plen ak labou melanje ak dechè vetivè.

Nou ap raple komin Okay la gen plis pase 20 izin vetivè, sèlman sou Boulva 4 Chemen gen 4 izin k ap k ap ponpe lafimen, simaye sann, tari pi òdinè kou atezyen, fè bri epi yon pil lòt ap plase Kote yo pa ta dwe plase.

Òganizatè yo bò kote pa yo distribiye anpil bidon plastik bay espòtif yo. Menm lè radyo RTM konstate yo retire anpil ki te lage sou wout la men kou akote yo plen bidon sa yo ki ap ajoute sou pil ki deja la yo. Fòk òganizatè yo swiv sou lòt peyi ki reyalize aktivite semi oubyen foul maraton kouman sa ye.

Imaj eta sikwi kous la montre nan ki kalamite sitwayen yo ap viv. Lè solèy la fin cheche labou sa a, se pousyè ki pral anvayi sitwayen yo ki pral lakòz maladi oubyen sila yo k ap soufri ak pwoblèm respiratwa ap kouri gwo danje.

 

Tout ototan enstans konsène yo apiye ak pakè jiridiksyon yo pa mete ansanm pou kwape move pratik sa yo, se gwo popilasyon an k ap peye l.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here