Anba lobedyans IBERS ak patenè li yo: CRS ak UNICEF yon seminè rejyonal 2 jou (2 ak 3 fevriye 2023) dewoule nan 3zyèm vil peyi a sou tèm « Pwoteksyon timoun vilnerab yo nan depatman Sid la ».
Okay, samdi 4 fevriye 2023
Plis pase 60 patisipan ki soti nan 30 enstitisyon nan Leta a ak òganizasyon k ap travay nan sektè timoun tankou : Tèdèzòm Itali, GADES, MAS, COFSUDD, QPREH, MOFKA/Sid, Lameri Okay, Koto, OPC…brase lide sou dividal pwoblèm y ap konfwonte nan travay yo epi ap reflechi ansanm pou jwenn yon pi bon fason pou makònen fòs yo nan chache chanje jan yo ap entèvni pou jwenn pi bon rezilta.
Daprè kòdonatè Rejyonal Sid-IBERS la, Bertrand Meridien ki reponn kesyon radyo Télé Montagna di se dènye rankont travay enstitisyon etatik, òganizasyon k ap travay nan diferan nivo sou pil bezwen timoun yo ki pouse Byennèt sosyal reyalize woumble sa pou defini priyorite yo ak patenè li yo k ap travay ak gwoup timoun lari, sila yo ki nan konfli ak lalwa, restavèk, òfelin, andikape, abandone, sa yo ki sibi eksplwatasyon sèks pou nou site sa yo sèlman. Lide a se youn konplete lòt. Sa ki pral evite patenè yo pa aji degrennen anba lidèchip Byennèt sosyal.
Reprezantan CRS la, Frédérique Jean Baptiste bò kote pa l, bat bravo pou reyalizasyon seminè a kote y ap pouse lide pou chak timoun rete viv, grandi nan fanmi yo. Nan fason sa, ONG a ap chanje metòd ak pwogram ki rele « chanje jan nou ede » kote y ap eseye enfliyanse lòt patenè yo k ap travay nan sektè a nan 3 nivo: mobilizasyon Kominotè, travay ak paran yo epi ak òfelina yo.
Responsab òganizasyon LFBS, Morgan Weinberg ki te youn nan entèvenan yo panse fòk òganizasyon patenè yo kou Leta chanje fason y ap aji. Pou òganizasyon ki ap travay ak timoun lari kou òfelina yo, nan entèvansyon li a, vize fanmi yo paske fanmi se youn nan bagay ki pi enpòtan nan mond lan.
Responsab la rale piramid Maslow a pou apiye travay òganizasyon li a ap fè nan rejyon an. Pou li, se nan fanmi, fanmi elaji kou fwaye dakèy timoun yo dwe ye, yon fason pou konble bezwen fizyolojik, sekirite, apatenans, akonplisman ak Lanmou timoun yo dwe jwenn pou evolisyon yo.
Anpil fwa, nan òfelina yo, malgre bourab lajan yo jwenn ak kèk òganizasyon ki pa nan leta a, ONG, timoun yo konn ap kouri gwo danje. Lajounen jodi se 1700 timoun k ap viv nan 42 mezon danfan (òfelina) depatman an. Nan dènye jou sa yo, gen yon gwo pa paske kantite timoun ki nan òfelina yo bese. Swete yon jou yo ava disparèt nèt nan peyi a jan sa ye lòt kote nan mond lan. Fas ak jan sitiyasyon an te ye, li panse nan lane 2010 – 2011, anpil fanmi vilnerab te kwè nan sistèm òfelina yo kòm yon delivrans nan jwenn sipò. Men lajounen jodi tandans lan chanje. ONG yo, Sosyete a, pa wè l konsa. Yo plis konprann enpòtans fanmi yo e yo vin kwè nan reyifikasyon.
Timoun kay moun, timoun lari ak ofelina pa bon kote pou timoun yo ap grandi. Travay la se al rezoud sous separasyon an epi rann fanmi an pi otònòm paske pi bon bagay la se wè timoun yo ret grandi nan fanmi yo.
Kèk patisipan dakò seyans seminè sa yo enpòtan pou sektè a paske l ap pèmèt yo konnen pwoblèm lòt òganizasyon ap konfwonte nan sektè a. Pwoblèm yo anpil men gwoup sa te plis rale sitiyasyon timoun yo nan prizon sivil Okay la. Malgré konvansyon Leta siyen pa dakò pou timoun nan prizon men sak pi grav la, yo nan menm selil ak granmoun yo.
Seminè sou seminè sou tèm « Pwoteksyon timoun yo » se byen. Konsa aktè yo nan sektè a ava jwenn yon kanal anplis pou pataje eksperyans yo. Men veritab batay la se pou peyi a rive fè eksperyans ak yon lòt mòd Leta altènatif kote dwa fondamantal moun san distenksyon laj ap aplike nan peyi a.
Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)