Nan yon rankont selektif ak kèk jounalis, sèl grenn jij enstriktè ki ret nan Tribinal Premye Enstans Okay la montre volonte li san pa kache vilnerabilite l pa rapò ak pil matonton dosye li gen nan kabinè enstriksyon li a.

 

Mèkredi 9 jiyè 2025.

 Abiye ak yon kostim koulè gri, chemiz blan ak yon kòl wouj, Majistra Jean Michelet Séide detèmine detan l ap prezante nou kondisyon travay lamantab li.

Mwa jiyè 2025 sa a ap boukle 2 lane li kòm Jij enstriktè nan jiridiksyon Okay la. 24 mwa sa yo, malgre pil lèt li ekri voye bay Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè/ Biwo Rejyonal Gran Sid la kou Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (dènye a pote dat 23 jen 2025 pase a) sou kondisyon travay li, anyen pa chanje pou Majistra a. 2 enstans sa yo: KSPJ ak MJSP pa manifeste okenn volonte pou ta ede li jwe wòl anketè li sèmante a jis pou rive klotire travay li lè li pa depote li, jan il te fè li nan dosye debakman 2 avyon kagezon dwòg nan Komin Disis la pou mankman sa yo. Nou ap raple dosye sa se Majistra Claude Julien ki te klotire li kote akize Ayisyen / kolonbyen yo jije epi libere nan dènye asiz kriminèl san asistans jiri mwa me 2025 pase a.

Nan kare Jij Enstriktè a gen anviwon 300 dosye. Ak yon ton fèm, Majistra Séide kontinye pou li di, okenn dosye nan lo sa a pa pi enpòtan pase lòt paske tout enpòtan epi gen gwo enterè ki kache dèyè do yo. Poze li kesyon sou nati dosye sa yo, li rale dosye sasinay Guy Louisaire, Dosye Garry Tesse – Minis Patrick Pélissier mande li kontinye enstriksyon an nan dat 7 jen 2025 pase a, polisye ki enplike nan egzekisyon sitwayen, dosye asasinay 3 jenn gason nan Disis kou dènye li depòte li a ki gen pou wè ak sasinay mèt avoka Pierre Antoine Borgat.

Demand mwen yo, di Majistra Séïde yo pa chanje.  Mwen ap kontinye mande materyèl travay, veyikil (machin ak 2 motosiklèt), 2 ajan polisye, yon zam manch long, Imprimant pou kabinè a. Tribinal la gen sekretè, men akòz odinatè ki pa genyen ase, retade travay nan nan kare a.

Pouki se konsa, Ministè Lajistis trete yon Majistra ki montre li gen volonte pou li travay? Kouman mande yon jij ankete sou yon pil dosye entèresan epi gen gwo anje ladan yo pou li menm pa ansekirite ? Eske se yon fason pou li ka dekouraje oubyen se paske prizon fèt pou ti peyizan ak pou timalere sèlman?

Depòtasyon, se lalwa ki etabli li. Men se pa wout li sa. Li ap depòte li nan tout dosye li pa wè Kouman li ap avanse si li pa gen mwayen nan men li. Majistra a ajoute pou di, volonte ak detèminasyon san mwayen pa mache. Youn konplete lòt.

Daprè kèk avoka kou òganizasyon dwa moun nan rejyon an, Jij Seïde se yon egzanp nan jiridiksyon an. Li fè otorite, dosye li yo pa bakle. Yo swete otorite yo nan lajistis la ba li mwayen pou dosye li ap mennen enstriksyon yo kontinye sitou zak lach ki pote lavi jounalis Garry Tesse la kontinye. Aktè sa yo krent pou Jij la pa depòte epi sosyete a pa janm konnen non lotè materyèl ak entèlektyèl krim sa a.

Pou militan dwa moun yo, pa te bay Majistra Sëide sa li te mande yo nan ka debakman avyon dwòg la se te pouse li depòte l pou sistèm lan ka pwoteje gwo dinozò yo. Yo pa sezi wè komisè yo nan Pakè Okay pa fè opozisyon ak li. Dosye a te rantab.

Jij Jean Michelet Seïde montre atachman li ak sistèm lan swete mèt linivè a mete men li sou jistis peyi a yon fason pou aktè yo ki la, fè sa yo gen pou fè. Antouka, anlè ret anlè, se mòd Leta sa menm ki pa bay lavi enpòtans ki fè zak kriminèl ak zak sasinay kontinye ap repete konsa.

Pou rapèl, Tribinal Premyè Enstans Okay te gen 5 jij enstriksyon. Gen 3 manda yo fini k ap tann renouvèlman, youn transfere. Kounye a rete sèlman Jij Seide pou tout jiridiksyon an!

 

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here