Apre plis pase 4 mwa ap fè tès teknik yo, Òganizasyon popilè yo nan 4 triyèm seksyon kominal Wanament inogire radyo kominotè popilè yo a, Vwa Peyizan Nòdès nan Prevwayans, jedi 17 oktòb 2024 la, selon konsta radyo Montagna ki te fè deplasman an.
Okay,17 oktòb 2024
Se yon gwo delegasyon nan mouvman sosyal Popilè ayisyen an tankou Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal /SAKS ak Jacquelin Soliman, Solidarite Fanm Ayisyèn/ SOFA ak Mergina Fleurima, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen / TK, Rosemène Valdema ak Origène Louis epi Platfòm Ayisyen k ap Pledwaye pou yon Devlopman Altènatif /PAPDA te reprezante ak Ricot Jean Pierre epi Camille Chalmers akote manm òganizasyon lokal yo: Mouvman Peyizan pou Defann Enterè Savanolè / MOPDES ak Inyon Plantè Kakawo Nòdès / KOPKANE reyalize 3 jounen aktivite 15, 16 ak 17 oktòb 2024 pase a ki se dat fondasyon zouti kominikasyon Popilè a.
Pandan 3 jou sa yo ki kòlmate ak dat sa yo, dirijan Òganizasyon yo te pwofite brase lide ak Peyizan yo sou jounen entènasyonal fanm riral, dwa lamanjay, Souverènte Lamanjay, Anviwonnman, Jaden lakou, Jaden ekoloji, zak sasinay papa nasyon an Jan Jak Desalin epi sitou pouki yo dwe mobilizasyon dèyè revandikasyon yo.
Akote aktivite fòmasyon politik ak idewolojik sa a sou modèl politik anti Pèp, anti Peyizan sa a, newokolonyal, mas yo dwe detèmine pou kaba l. Pou sa rive posib, se òganize pou klas peyizan òganize yo.
Dat 17 oktòk la ki make 218 lane sasinay Anprè a pa yon aza. Jan Jak Desalin, nan konstitisyon 1805 lan te deklare: « Travay latè se yon bèl metye. Epi nan atik 12 konstitisyon an sa a te entèdi pou etranje gen tè nan peyi a. Èske tè agrikòl yo nan men peyizan yo? Èske se pa zòn franch agrikòl Leta reyaksyonè a bay patikilye fè sou venn tè yo kou lage zagoloray tout plim kou plimay vin atake yo kou deposede peyizan yo , bat yo, touye yo kou sa te fèt sou koloni agrikòl Prevayans nan dat 19 – 20 desanm 2014 ki kite yon gou anmè nan bouch peyizan yo.
Nan inogirasyon sa a, yon bouyon kilti pran plas. Apre seremoni kire pawas seksyon kominal la te fin selebre, pati kiltirèl ak temwayaj pou diferan delagasyon te demare. Patisipan yo te gen chans manje plizyè varyete manje ki marande yo ak kilti nou Kòm pèp. Mayi ak fèy, anpannan, manyòk bouyi, tchaka, kann kale, tranpe, tablèt pichtach … san konte braslè, soupla, tablo patisipan yo reyalize ak papye sirèt, bonbon, pay bannan kou bidon ji. Animasyon aktitive sa te anime ak yon DJ epi yon gwoup lokal « Kreyòl lakay » ki pa t manke pa amize moun yo.
Nan maras tout voum se do sa a, Òganizasyon popilè yo ta dwe jwenn zouti kominikasyon kominotè popilè konsa pou ede gwoup òganize yo pou pouse yon lòt diskou altènatif bay gwo popilasyon an.
Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)
RTM