Si aktivite espòtif yo pa fèt nan Direksyon Sid Jenès Espò ak Aksyon Sivik men lòt kalite disiplin ki pa espò tankou grafiti, fèmen pòt ap dewoule anvan kou apre enstalasyon yon nouvo Direktè nan Direksyon Sid/MJSAC la.

Okay, 6 fevriye 2025

Aprè Delege defakto Ketnor Estinvil ak Delege annaprè a Antoine Pierre Léon vin enstale l lwen biwo l Kòm nouvo Direktè DDS/MJSAC pou yon ti bout tan nan Konplèks Administratif la, maten mèkredi 5 fevriye a se ak yon rejiman jenn gason fanatik zele aktyèl Direktè a ki debake pou l ka fè fas kare ak kontestasyon anplwaye biwo a depi kèk jou.

Depi lèt nominasyon Diogène Claude Célestin t ap sikile sou rezo sosyal fèsbouk Kòm nouvo direktè MJSAC Sid pou ranplase Pastè/Jounalis Samuel Clerge se konsa anpil pawòl t ap pale pou montre chwa sa pa byen vini nan tèt Direksyon Sid la.

Anplwaye yo di, gen ase kad kalifye nan biwo a pou fè pwomosyon pa dakò pou Minis defakto MJSAC la, Niola Lynn Sarah Dévalis Octavius parachite yon moun ki pa nan sektè a vin ranplase Samuel Clergé ki al nan fòmasyon depi mwa me 2024 pase a nan peyi etazinyen an. Anplis yo rale sikilè Premye Minis defakto Alix Didier Fils – Aimé siyen nan dat 13 janvye 2025 pase a ki pa asepte mòd nominasyon sa yo.

Daprè ansyen Direktè a ki reponn kesyon radyo Montagna nan telefòn deklare se Direktè annapre biwo a, Isaac Synor ki t ap jwe wòl li a depi li kite peyi a nan mwa me 2024 pase pou jiyè 2026 pou konje detid san di nan ki disiplin. Poze l kesyon sou jan l konprann lèse frape k ap fèt la, Samuel Clergé di li ansyen Minis defakto MJSAC la, Raymonde Rival te asepte epi bay Direktè Isaac lèt a.i pandan tan sa. Epi se sou rezo sosyal yo li wè yon lèt ki nonmen yon nouvo Direktè a.i. Desizyon sa a pa kadre ak sikilè 003 a nan dat 13 janvye 2025 pase a. Li fini pou l di, lèt sa a nan sa ki gen pou wè ak administrasyon ilegal paske li pa gen siyati Premye Minis defakto a.

 

Pou kèk lòt anplwaye ki pa t vle non yo site di: « Peyi a sa se yon peyi ki p ap fè yon pa. Dirijan yo p ap fè sa lalwa mande.» Yo dezavwe atitid nouvo DDS la ki pa chache jwenn yon antant, yon koulwa dyalòg ak yo pito debake ak nèg bò simityè pou vin kraze pòt nan biwo a ak fè yo menas. Youn nan yo te montre nou yon videyo kote mesye yo te ak yon bwa bale, lòt retire vès sou yo pou yo ka pi alèz sou tapi bòks la oubyen lit sovaj la.

Byen bonè maten 6 fevriye 2025 lan, nou konstate Direktè a te nan lakou biwo a kou kèk lòt anplwaye. Nan yon ti pale toukout nan mikwo nou Direktè a voye yon mesaj dantant  epi disponib pou chita ak yo. Mande l si l te nan sektè a, li di li te konn ap travay ak Leta san bay plis detay.

Biwo a gen yon 20 anplwaye ladan yo 8 kontraktyèl. Biwo a pa gen materyèl epi lè gen yon aktivite Ministè espò a pa fè sa l dwe fè. Direksyon an pa gen enèji alevwa chèz pou yo chita.

Depi lè rejim 9 manm KPT a lanse vag nominasyon nan peyi a, Depatman Sid anpatikilye se konsa lèse frape yo koumanse pası pala nan direksyon yo. Se ka Direksyon Travay Piblik yo, ONA, Afè Sosyal kou pou pòs Delege. Nan direksyon MJSAC yo menm se kontestasyon sou kontestasyon. Se ka Gonayiv, Jeremi, Latibonit, Nò, Sant, Sid… Ale kwè se travay yo vle travay vre. Se pito kanpe rèd nan ba yo fè kou pa yo oubyen vin nan manmèl bèf la pou ògmante kapital politik, ekonomik ak sosyal yo.

 

Maks – Enmbèr Marslen

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here