Yon dife ki koumanse enkyetan pete depi plis pase 10 jou nan zòn ki pi wo nan Pak Nasyonal Makaya daprè Direktè Pak la ki reponn kesyon radyo Montagna nan telefòn, maten madi 28 janvye 2025 lan.

Okay ,madi 28 janvye 2024

Se nan nannan Pak Nasyonal Natirèl la menm, nan « pik Lesyèl » dife a eklate selon Direktè a, Jean Sylvain Régis ki te enfòme depi vandredi 17 janvye 2025 pase a pa youn nan enspektè yo nan antre sou zòn Formon, Adrien Despagne. Tousuit aprè li te enfòme Direktè ANAP la kou sekretarya teknik li sou dife sa k ap tann yon repons vit, vit. pou anpeche gwo dega.

Premye enfòmasyon ta fè kwè se kèk moun nan zòn lan k ap chache espas dabò yo koupe pye pen yo pou yo vann epi aprè yo mete dife pou yo ka jwenn plis espas pou yo ka plante. Malgre Direksyon Pak Makaya deja mobilize kèk ajan men yo pral fè sa yo ka fè paske pye pen yo gwo vin jwenn gen anpil lòt siklòn Matyou te deja vide yo atè pi wo pase yon poto elektrik.

Direktè Regis rale plizyè pwoblèm ki fè dife ap eklate kou sou kou nan wotè pik nasyonal rezèv natirèl la. Pou youn pa gen siveyans. Se 10 ajan ki sou bidjè, 2 nan yo pa la . Rete 8 ajan senpleman pou yon espas ki gen 13,436 ekta tè. Yon eskandal.

 

Sa gen kèk lane depi 80 ajan ki te fòme, yo pa la. Li gen kontak ak yon 60tèn. Pou sitiyasyon sa a li deja mobilize yon 30tèn pou yo vin pote sekou yo. Men antretan se 8 ki sou antre Fòmon an k ap obsève avansman dife a san kapab gen kontwòl li. Lòt matonton mankman an se mwayen ekipman yo pa genyen. Se ak zong yo ajan yo ap travay.

Poze l kesyon sou Kisa k ap fèt, Direktè a di l ap tann Ministè Anviwonnman. Paske kou sa te eklate nan koumansman lane 2023 pase a, ministè a te pran sèvis ansyen ajan pak la pou te rive touye dife a nan plizyè fwaye epi bay yo yon prim.

 

Nan dat 4 avril 1983, Leta Ayisyen te deklare 2000 ekta tè Makaya “ Pak Nasyonal Rezève ». Nan dat 27 mas 2013, Monitè nimewo 53 vin ògmante sipèfisi a 8726.14 ekta tè. Nan dat 2014, Monitè 158 ajoute Grann kolin nan wotè 3227 ekta tè. Donk lajounen jodi pak la etann li sou 13,436 ekta ki gen 149 bòn. Nan lane 2016, L’UNESCO deklare Pak la rezèv pou Ayiti ak Karayib la kòm youn nan pi enpòtan espas pou Konsèvasyon byodivèsite.

 

Pak Nasyonal Makaya etann li sou 3 depatman: Nip, Grandans ak Sid epi pou pi piti 7 rivyè nan depatman sa yo gen sous yo nan pak la. Se pa premye fwa dife Kriminèl sa yo pete nan pak la. Men malgre plent direksyon Pak la kou arestasyon kamyon k ap transpòtè planch kou idantifikasyon lòtè yo, Pakè Okay libere akize yo san 2 fòm pose.

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here