Byen bonè maten jedi 15 janvye 2026 la, moun nan lokalite Mizèn – kafou Karyè leve jwenn kò 2 jenn gason: Amos Sëide ak Makenson Cimé k ap benyen nan san yo.
Okay, vandredi 16 janvye 2026
Daprè kèk pwòch youn nan viktim yo kou kasèk zòn lan, se ta nan kabann lakay yo,bò 3 zè nan maten, bandi yo antre, pran viktim yo,mare 2 bwa yo, mete dife nan kay la anvan yo vin egzekite yo nan kafou a. Poze yo kesyon si yo rekonèt yo, enfòmasyon yo fè kwè se pa enkoni yo ye men yo pa moun nan lokalite a. Yo soti nan Labòd blòk Gwen sou wout komin Manich men sanble yo konn vin travay nan zòn Kans kou kapote sou zòn Mizèn.
Zak sasinay 2 jenn gason sa yo rive yon mwa 8 jou aprè bandi nan komin Kanperen te fin antre lakay Rodenie Gaspard epi pote lavi 2 jenn fanm – 2 sè- Valanda ak Valantina Gaspard. Nan repetisyon zak lach sa a, kriminèl yo anlve mesye yo epi vin egzekite yo nan zòn lan ki pa pre lakay yo ak plizyè bal.
Menmsi te gen yon moto pa lwen sèn krim lan, men temwayaj moun yo pa te lonje dwèt sou viktim yo kòm moun ki ta gen enplikasyon nan zak louch. Moun yo di mesye yo pa delenkan sanble plis kwè se ta yon règlemankont ki lakòz zak lach sa.
Pou jan zak kriminèl sa yo ap ogmante nan jiridiksyon Okay la, otorite yo dwe yon pa, double jefò yo nan mennen bon jan ankèt pou rive jwenn malfra yo epi remèt yo bay lajistis epi pou lapolis yon lòt pa, fè plis patwouy pou dekouraje kriminèl yo nan fòfè yo.
Fas ak nouvo pratik kriminèl yo nan antre pran sitwayen yo andedan lakay yo nan jiridiksyon Okay la se òganize pou sitwayen yo òganize yo nan kominote yo nan mete brigad vijilans kanpe kou pase konsiy pou alète lòt lè yon vwazen andifikilte.
Max – Imbert Marcelin / Maks – Enmbèr Marslen
RTM















