Yon fanm mouri nan lopital jeneral Okay la, Rita René, yon lòt boule, Eunise René, 2 kay boule se bilan yon gwo dife ki eklate nan katye popilè Mòn Koki, ant ri Gosen ak Jeneral Maryon, ayè jedi 19 janvye 2023.

 

Okay, vandredi 20 janvye 2023

Daprè premye enfòmasyon yo se estokay gaz kote ki pa apwopriye ki lakòz gwo dife sa a. Rita René machann gaz la, mouri tèlman li te boule grav epi ti sè l, Eunise René ap pran swen ka l nesesite sou kabann lopital.

 

Kèk temwen ki pale ak radyo Montagna maten vandredi 20 janvye 2023 a di, li te ka 11zè 45 konsa nan maten lè dife a pete nan kay la. Li pa t konn gen anpil galon gaz estoke, yo pa ka di kisa ki lakòz aksidan a sa. Si vwazen yo pa te detèmine nan simaye dlo pou koupe pwopagasyon dife a nan plas sèvis ponpye a ki pa t ka deplase paske yo pa te gen gaz, dega yo t ap rèd.

 

Pratik pou sitwayen yo jwenn sèvis ka yo nesesite pa janm yon obligasyon pou mòd Leta reyaksyonè yo.

 

Definitivman kriz gaz la ki gen plis pase yon lane ap brase bil popilasyon an p ap sispann fè dega. Malgre rèl popilasyon an otorite pa janm vire tèt gade depi apre lòd yo te fin resevwa nan men Fon Monetè Entènasyonal (FMI) pou monte pri gaz la. Sityasyon sa lage anpil moun nan vann gaz tankou pen anndan peyi a.

Nan dènye mwa sa yo, Komès vann gaz la vin pi opilan bò kote machann ki arebò wout yo. Sa lakòz pwodui a tounen yon Komès rantab kou bal, zam ak dwòg. Menm lè tangkè gaz ap monte desanm, sitwayen yo ap konte sou dwèt kantite ponp ki louvri pou vann jan sa te konn fèt anvan kriz planifye a.

 

Se chwa Leta a menm pou sitiyasyon an konsa. Malgre gouvènman defakto kriminèl la enpoze pri Kriminèl li a, men li dakò ak enpotatè yo ki double pri gaz l nan wotè yo vle a. Liberalize pwodui transvèsal la lakòz chak ponp anba je otorite lokal kou nasyonal ap vann li nan wotè yo pi pito: 850, 900, 1000 goud nan ponp yo epi ponp yo pa bay pi piti pase 250 , 450 oubyen 500 goud gaz. Sa ki rann pri kous machin ak pwodui premye nesesite yo monte disèt wotè, lage yon mizè bayawonn nan kò gwo popilasyon an epi pouse anpil sitwayen nan chache estoke gaz lakay yo pou yo ka fè lajan.

 

Pou jan lavi ap pi difisil chak jou, si mas yo pa marande kò yo pou chavire sistèmnan,  se yo k ap kontinye mouri ak mòd angajman sa yo otorite legal kou ilegal ap siyen ak òganizasyon entènasyonal tankou Bank Mondyal ak FMI pou anfonse peyi a nan plis bafon toujou.

 

Yon lòt kote nan vil Jeremi, nan zòn prizon sivil la,  genyen yon gwo dife ki eklate jounen vandredi 20 janvye 2023 a . Daprè anpil moun ki sou plas , gen ris pou gen anpil dega.

 

Max- Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here