Nan kad leve kanpe sitwayen yo toupatou nan peyi a kont rejim PHTK 3 vèsyon ak alye li yo: kont lavichè, grangou, kont monte gaz yo ak pou gouvènman defakto a ki nan tèt pouvwa a, sitwayen yo nan katyè popilè Dèyè Fò a pa gentan kite pwent kafou ang ri Tousen Louvèti ak Kapital (pwent kafou tèren gabyon an) lè lapolis debake epi bonbade manifestan yo ak anpil bonbòn gaz lakrimojèn kou simaye bal, blese anpil moun nan pye, vant ak nan tèt, jounen vandredi 23 septanm 2022 a.

Okay, 23 septanm 2022

Soti koumansman semenn 19 septanm sa a, sal nouvèl radyo Montagna deja konte yon mò, plis pase 12 moun  blese anba bal san konte plizyè lòt lapolis maspinen anba kout baton oubyen fil kab ki filange kò sitwayen yo.

 

2 jou aprè aksyon sispèk chèf gouvènman jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond, Direktè Polis Sid la, Daniel Compère ta sanble te jwenn mo responsab Pwogram Alimantè Mondyal  yo ( PAM) nan Sid pou te louvri baryè lokal enstitisyon entènasyonal la bay popilasyon an piye nan lokalite Bèjo, mèkredi 21 septanm 2022 pase pa rive kanpe sitwayen yo nan mouvman yo pou derasine otorite yo nan tèt peyi a pou yon Tranzisyon Ripti pran rèn pouvwa a. Pandan operasyon piyay la yon fanm ansent ak yon jenn gason mouri toufe, sa ki ogmante lis viktim nan depatman an. Reprezantan pwogram Alimantè Mondyal (PAM) Ayiti, Jean Martin Bauer kandane piyaj la paske li di manje sa yo te pral ede 46 mil moun ki nan ijans nan sid la.

 

Wout yo pasi pala nan depatmam an kou sant vil Okay la rete bloke sa ki paralize gwo komès la ak transpò piblik nan rejyon an kou transpò nasyonal la.

Maks- Enmbèr Marslen

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here