Orilio chery, se non yon jenn gason ki mouri anba bal endividi moun pa rive idantifye, jodi dimanch 5 mas 2023 a bò 3zè 40 konsa nan aprèmidi nan sant vil Okay.

Okay 5 mas 2023

Kanbiz la te kanpe nan pwent antre Ri Linyon ak pwent monte Boulva kwa 4 Chemen an lè bandi yo atake l daprè kèk temwen san presize si yo pran lajan ki te sou li a. Aprè konsta legal yo, kò viktim lan te remèt bay yon mòg nan 3zyèm vil peyi a.

Nan dènye jou sa yo, malgre otorite yo nan tèt pakè jiridiksyon Okay ap bat lestomak yo pou travay y ap fè kou lapolis k ap fè tchèk sou wout yo men moun k ap viktim yo sanble ap ògmante nan vil la kou zòn ozalantou li yo.

Jan zak sa yo ap rive dri dri sou popilasyon Okay la si Lapolis ak lajistis pa kontre fòs sitiyasyon an ka dejenere nan men yo jan sa ap rive lòt Kote nan peyi a.

 

Maks – Enmbèr Marslen

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here