Plizyè dizèn avoka, otorite jidisyè, politik ak polisye reponn prezan ak envitasyon Batona jiridiksyon Okay la nan kad mès aksyon gras pou selebre fèt patwon maren ak avoka yo, Saint – Yves, maten lendi 20 me a nan legliz Sen Michel  ki chita nan Chapatye, Okay.

Okay, lendi 20 me 2024

Se Kadinal Chibly Langlois ki te selebran prensipal mès la akonpaye ak 5 lòt pè pami yo kire legliz la, Charles Joseph Charles.

Nan omeli sikonstans la, Monseyè a plis rale ansèyman pè- Sen an pou angajman l epi travay li pandan tout lavi l pou lajistis tabli ak lite anfavè sıla yo ki pòv. Angajman sa a dwe gide avoka yo ki pran l kòm patwon yo. Se Pap Clément VI ki te kanonize l nan dat 19 me 1347.

Pou Batonye jiridiksyon Okay la, Mèt -Avoka Roosvelt Louis, jou sa a se yon okazyon pou chak aktè nan siktèm jistis la reflechi sou sitiyasyon lajistis nan peyi a. Pou sa Majistra, Notè, Apantè, Grefye, isye, Avoka ak pèsonèl jidisyè ak tout lòt k ap wode nan sistèm lan nan peyi a  anpatikilye nan jiridiksyon Okay la dwe travay pou soti lajistis la kote li ye a.

Ensekirite nan zafè tè, y ap volè tè Peyizan yo, moun k ap tann yon desizyon jistis menm pa konn sa pou yo fè.  Nan prizon sivil Okay la, li plen jouk nan kou. Prisonye yo pil sou pil – san bay chif- . Detansyon prevantif pwolonje a se yon fleyo, sa ki vin rann kondisyon sanitè a deplorab. Moun k ap tann yon desizyon jistis ajoute ak pil grèv k ap repete yo konploke sityasyon nèt.

Daprè Mèt Maxon Esta ki reponn kesyon radyo Tele Montagna, di, Yves Hélory te respekte liy yo, prensip yo. Li pa te pran plizyè dosye epi li pa te wè lajan pou l te trete yon dosye. Li pa te nan magouy. Li kontinye pou l di, Yves te aji kòm yon jij nan kominote l lè te gen diferan. Li te onèt epi serye.

Men, lajounen jodi, daprè Me Esta, konfrè li yo, malgre yo asepte Yves kòm patwon yo depi lontan, kèk avoka pa respekte yo li yo vre nan ede sila yo ki pi fèb yo.

Se anprezans, Delege Sid la, Mèt avoka Ketnor Estinvil, vis – Delege a Pierre Antoine, Prezidan AMSID la, Frisnel Chéry, Komisè nan pakè Okay la, Jij nan diferan tribinal yo, Dwayen , Kasèk ak avoka militan oubyen estajè mès aksyon gras sa a chante ak kèk minit reta.

Chak lane nan dat 19 me kou aprè, mòd selebrasyon sa yo reyalize nan 18 jiridiksyon peyi a. Men chak lane pwofesyonèl yo nan kesyon aplikasyon lalwa ak detache yo ak veritab misyon yo kòm defansè sıla yo k ap sibi dominasyon, eksplwatasyon, abi tout sòt, enjistis pou atache yo pi plis ak byen latè oubyen ap kite non yo ap drive nan tout kalite dosye louch epi bawo yo pa fè twòp pou mete lòd bò kote tout avoka kalsitran yo.

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here