Plizyè òganizasyon nan mouvman Sosyal Aysiyen an anonse pou madi 29 novanm 2022 a yon mach sitwayen pou denonse ekspilsyon ilegal ak rasis administrasyon Luis Abinader la ap fè sou migran Ayisyen ak lòt moun nwa k ap viv nan Repiblik Dominiken. 

 

Okay, 27 novanm 2022

“Non ak rasis ak move tretman kont migran Ayisyen yo ak moun po nwa nan Sendomeng” se tèm sa a  plizyè òganizasyon nan mouvman Sosyal Aysiyen an pral delivre nan komin Petyonvil devan Anbasad Dominiken an, madi 29 novanm 2022 a nan kad mach sa a.

 

Leve kanpe sa se yon inisyativ , Gwoup k ap apiye refijye ak rapatriye (GARR), Asanble Pèp Karayib-Ayiti (APK), Konbit Sendikal Sosyopwofesyonèl, Chapit Alba Ayiti, Platfòm Oganizasyon Ayisyen Dwa Moun yo (POHDH) ak plizyè lòt òganizasyon nan mouvman sosyal la. Yo mande tout kouch nan sosyete a pou rejwenn yo, madi 29 novanm 2022 sou plas Konstitisyon an, Chandmas, nan lè 10 zè nan maten. Pakou a ap soti Plas Konstitisyon, Anba Limyè Lali, Nazon, Kafou Rezistans, Wout Dèlma, Petyonvil pou li al bout devan Anbasad Dominiken an nan ri Panamerikèn.

 

Imaj k ap sikilte sou rezo sosyal yo montre kouman sèvis imigrasyon ap maltrete migran Aysiyen ak lòt moun ki gen po nwa epi depòte yo sou diferan pwen fwontyè Ayiti ak Dominikani san yo pa respekte okenn lwa sou koze migrasyon.

 

Malgre Nasyonzini te mande gouvènman dokiminken pou l fè yon kanpe sou depòtasyon yo , Luis Abinader di se yon pwomès elektoral li te pwomèt ak pèp Dominiken an , pa gen anyen k ap kanpe operasyon makab l ap Mennen an.

 

Dènye jou sa yo sityasyon an trè chofe sou fwontyè Dajabon kote plizyè gwoup nan sosyete sivil Wanament te lanse operasyon pou fèmen baryè epi fè netwayaj nan bò pòtay Ayisyen an yon fason pou egzije gouvènman Dominiken an respekte dwa migran Ayisyen an ki se yon gwo fòs travay pou Repiblik Dominiken.

Yon lòt bò anpil moun denonse gouvènman defakto ki gen nan tèt li Ariel Henry malgre tout sa k ap pase a pa janm reyaji sou dosye migran yo k ap pase yon move moman kay vwazen an.

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here