Plizyè patisipan nan fowòm 2 jou sou dezameman PNUD ak Delegasyon depatmantal Sid reyalize pou otorite rejyon an ak manm sosyete sivil la pa fin mache nan sans yo, daprè plizyè reprezantan ki reponn kesyon radyo Tele Montagna, madi 14 fevriye 2023 a nan “Night – Club Presqu’Il des Icaques”.
Okay, 15 fevriye 2023
Si ògàn nan Leta a ki gen pou wè ak sekirite popilasyon tankou: Lameri, Pakè, Lapolis, Delegasyon, satisfè men plisyè lòt sektè nan sosyete sivil la ki reponn nan chita pale sou kesyon ensekirite jeneral oubyen fè zam yo bèbè wè fowòm SNDDR- RVC a nan yon lòt sans.
Youn nan inisyatè yo Georges Garnier ki se kòdonatè Delegasyon ak vis Delegasyon yo di se yon aktivite k ap fèt nan tout peyi a. Se 2 ekip k ap travay nan gran Nò ak Sid.
Depatman Sid la se dezyèm kote Estrateji Nasyonal pou Dezame, Demantle ak Reyentegre/ Rediksyon Vyolans Kominotè (SNDDR- RVC) poze valiz li aprè Deparman Lwès 2. Yo la pou vin pran dizon popilasyon an pou yo ka rive elabore yon plan nasyonal dezameman pou 20 lane.
Pou Delege defakto Joseph Ketnor Estinvil, fowòm lan byen tonbe. Pou li pwoblèm lan poze nan fason popilasyon an ap viktim ensekirite a nan lokalite yo, seksyon yo kou rive nan komin yo.
Mèt Estinvil di fòk gen chita pale paske chak gwoup tankou elit politik , ekonomik wè kesyon dezameman kou popilasyon an yon fason pou sènen kesyon ensekite an. Daprè reprezantan Premye Minis/ Prezidan defakto a, gouvènman PHTK 3èm vèsyon l ap pote kole a, ap chache gen kontwòl ladwann pou anpeche gwoup bandi yo kontinye alimante ak bal kou zam. Gouvènman an voye achte materyèl nan peyi kanada epi li menm fè demann bò kote lòt peyi pou vin ede l. Tout sa se tantativ pou yo rezoud pwoblèm gang lan. Men poze l kesyon sou pil sanksyon kominote entènasyonal la pran kont ansyen minis, dirijan politik ak boujwa ekonomik lan, li di y ap tann plis prèv pou lajistis poze aksyon pa l. Enpinite se motè ensekirite.
Pou Direktè annapre DDS/MENFP Jean Claude Bernard, yon chita pale nan moman sa a, Kote gwoup ame oubyen eskadwon lanmò, gang ap pouse zèl yo pi plis, li te ka di se yon konsyantizasyon anplis menmsi popilasyon an ap viv ensekirite a chak jou. Pou li, kòm Leta a parèt san fòs, SNDDR- RVC a ap chache konsilte popilasyon nan yon dyalog anplis. Èske ap gen yon aksyon kont ensekirite bosal sa a, se kesyon pa l.
Reprezantan Biwo moun andikape yo, Pierre Renèl Moïse, ale nan menm sans la. Gang ame yo parèt pi fò pase Lapolis. Li wè nan fowòm sou dezameman an, yon fòm pou fè pase yon mesaj. Nan pwen sa a fowòm lan gen enpòtans li. Men, dezame moun pa fèt konsa. Sa k ap fèt la se yon modèl dilatwa. Se pale anpil menm lè popilasyon an gen fason pa l li wè kesyon an. Yon lide mèt avoka Roosevelt Louis, reprezantan Fondasyon Sent Woz Ayiti apiye. Fowòm pa sispann fèt tribò babò nan peyi a men pa gen twòp rezilta.
Bò kote pa Kòdonatè Konbit Sitwayen Sosyalis pou Sove Ayiti, Marc- Henry Simon, li wè se yon maskarad. Kòdonatè a pran egzanp BACK UP/ DS la ki gen nèg ame ak gwo zam fann fwa ki nan do Delege Sid la poutan se li k ap òganize fowòm lan. Ki Kote Delege a jwenn mesye ak gwo zam sa yo? Èske se yon kò sekirite anplis? Kot polisye ki te konn ak delege yo? Yon non sans. Lè yon otorite gen moun ame sa yo, lè l kite fonksyon li a, zam sa yo pa retounen. Leta pa kreye kondisyon pou jistis sosyal la blayi, itilize viktim sosyal sa yo nan ame yo, tounen eskadwon lanmò pou Leta kriminèl sa a, p ap atann anyen. Ensekirite a se yon konplo pou fini ak peyi a.
Aktivite sila demare nan peyi a nan yon moman kote peyi enperyalis yo tankou Kanada ak Etazini san konte lòt manm Kò Gwoup yo ki gen men yo tranpe nan sa ki rive peyi a, ap chache yon mwyen pou tante lave vizaj yo ki badijonnen nan tout zak sal k ap poze yo kont pèp ayisyen an devan je limanite.
Se depi 1995 kesyon pou dezame gwoup ame kou milis lanse nan peyi a sou Prezidan René Garcia Préval. Pwogram sou pwogram, anyen p ap abouti paske se Leta a menm ak kèk sektè tankou : boujwazi a epi elit politik la ki ame gwoup yo pou regle koze yo. Sitiyasyon sa a ap kaba se lè mas yo rive kase ren Leta kriminèl la pou yon lòt Leta responsab/ sèvitè.
Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)