Madi 11 fevriye sa etidyan kou elèv mouri oubyen blese anba bal eskadwon lanmò yo k ap mache krache dife nan plizyè zòn Depatman Lwès la tankou Boudon, Dèlma pou site sa yo sèlman.
Okay ,12 fevriye 2025
Jenn etidyan an nan depatman Relasyon Entènasyonal nan « centre d’Études Diplomatiques et Internationales (CEDI), Macénat Lebelt ta gen 24 lane, mouri nan sal klas li ak yon bal nan tèt sou wout Boudon an epi nan « Ecole Saint-Louis Gonzague » yon elèv resevwa yon bal nan bwa pandan li te sou lakou lekòl la ant Dèlma 33 ak 31.
Se pa premye elèv ni etidyan ki mouri oubyen blese dènye jou sa yo nan espas sa yo. Sasinay sa a vin ògmante lis la kote chak jou yon kantite sitwayen ensekirite planifye sa ap pote ale.
Etidyan Macénat Lebelt te nan dènye ane etid li. Daprè enfòmasyon yo, li ta dwe gradye nan mwa jen 2025 k ap rive la. Yon kou di pou paran, zanmi l ak pou sektè etidyan an.
Yon lòt kote, grèv anseyan yo sou 6zyèm semenn li. Elèv lise kou lekòl nasyonal yo nan plizyè Depatman peyi a ap manifeste, fè « sit- in », yo menm konn atake kèk lekòl prive kou lòt kote elèv yo ap vòlkannize nan lekòl nasyonal yo san prezans anseyan yo k ap tann Leta di yon mo.
Maten mèkredi 12 fevriye 2025 la yo te plizyè anseyan ak elèv ki te sou plas dam Okay la. Si gen anseyan ki di se yon grèv manch long, se Kenbe pou fòse ministè Levasyon Nasyonal bay revandikasyon yo satisfaksyon lòt menm ap mòde lage pou anpeche yo tonbe nan eta demobilize epi pwofite pou sansibilite elèv yo sou atitid lèse ale Leta sa a.
Maks – Enmbèr Marslen
RTM