72 èdtan aprè nominasyon l kòm nouvo Delege Depatman Sid peyi a, mèt avoka politisyen an, Joseph Ketnor Estinvil enstale nan konplèks administratif Komin lan, byen bonè maten lendi 29 dawou 2022 a anvan li prete sèman douvan Dwayen Tribinal Premye Enstans lan, Rose Marthe Louis- Jeune.

 

Okay 29 dawou 2022

Se nan sal konferans Konplèks Administratif komin Okay la, Minis defakto enteryè a, Liszt Quitel, enstale nouvo Delege rejim phtk 3 vèsyon elaji Fusion, SDP a, maten 29 dawou 2022 a anprezans plizyè otorite lokal, pwòch zanmi, konfrè avoka li yo ak plizyè militan, daprè konsta Radyo Tele Montagna.

 

Nan diskou sikonstans nouvo delege a li rale yon bann pwojè ki gen awè ak Depatman an. Delege Estinvil di l ap tounen yon plak ki kole ak kesyon pò Bedimèl la ki dwe fonksyonèl, ayewopò Antwàn Simon an ki dwe tounen ayewopò entènasyonal, 15 kilomèt wout ki pou ranje sou 213 la akote pwoblèm ensekite l ap rele chèf titèl li ak pou lage pwojè apèzman sosyal.

 

Delege defakto tou nèf la pa t manke chante karaktè lwijanboje l. Ketnor Estinvil di li pran pòs la paske li renmen frap « bif », li pa konn pè.  Epi si bagay yo ta makawon, li paka antre lakay li, li ap wode nan vwazinay la paske li p ap kite Depatman l kou peyi a. Anplis gen enstitisyon yo ki avek li san san site non epi li plen militan solid dèyè do l, okenn moun paka fè l ale. Tout moun ki gen pwojè sa a, yo echwe. Ki move son ki do rive nan zòrèy nouvo reprezantan Premye Minis/ Prezidan defakto peyi a, Ariel Henry? Ki moun nouvo delege a ap fè pè oubyen menase? Antouka, delege a deja pwomèt pou l kwape tout gwoup k ap bloke wout nan Depatman Sid la kou nan rès peyi a.

 

Chita nan yon kostim nwa, chemiz blan ak yon kòl koulè ble, mèt avoka militan k ap pouse lide koupe zòn Sid la ak rès peyi a “Repiblik Zaragwa”, pa sispann ri pou montre Kouman l kontan pou l reprann fonksyon li te okipe nan fen manda prezidan René Garcia Préval nan lane 2010 la kote l te manke Kite po l nan mouvman boule enstitisyon Leta pou rejim PHTK premye vèsyon an. Li te rate pòs sa a tou ak Prezidan defakto Jocelerme Privert kote 2 lòt politisyen: Gabriel Fortuné ak Carlos Lebon te kanpe ankwa pou l pa t enstale.

Pou plizyè lòt militan ak responsab politik, mèt la pa ka twonpe  moun. Pou yo se jwè sistèm lan. Rejim  andekonpozisyon an mize sou jwè li a k ap vin fè jwèt la pou kwape ak touye tout moun k ap revandike,jan pouvwa a deja tanmen sa nan vil Okay, Tigwav ak nan Pòtoprens !

 

Max – Imbert Marcelin

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here