Se sou tèm “Tradisyon, Envantè, ak Rityèl ki soti nan Revolisyon Ayisyen an” òganizatè yo mete bout nan premye ekspozisyon sou Rara ki dewoule soti madi 4 avril pou jedi 6 avril 2023 a nan lokal Business and Technology Institute (BTI) nan zòn Sid sant vil Okay la.

Okay, Vandredi 7 avril 2023.

Se yon piblik divèsifye nan laj ak pwofesyon ki patisipe nan premye ekspozisyon rechany, enstriman mizik Rara , wè divès materyèl rityèl pratik Rara yo, eksplikasyon gide sou diferan planch oubyen tablo, pwojeksyon dokimantè/ deba,  konferans , manje ansanm san konte 2 bann Rara ki anime 3 jou manifestasyon kiltirèl – Idantite sa a.

Pou Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen yo (KNVA) ak Inivèsite Kiskeya yo satisfè pou 3 jou pataj konesans sou youn nan idantite Kilti peyi a.

Daprè youn nan òganizatè yo, Jean Marie Micheneau Eugène ki reponn kesyon radyo Montagna, di   ekspozisyon sa a se rezilta yon lane rechèch sou tout sa ki antoure rit chocho sa a ki se Rara. Objekti travay sa a gen pou wè ak prevansyon epi pwoteje byen kiltirèl ki lye ak Rara a. Yon pratik akote Vodou a ki chaje ak senbolis.

Pou responsab sant konsèvasyon objè Rara a, nan Rara tradisyonèl peyizan yo, nou dwe jwenn: banbou, kòne banbou, tanbou, senbal, kès, fwèt kach, graj, siflè epi mete rechany wòb kou chemiz ki koud ak plizyè koulè mèt bitasyon Rara a. Yon seremonyèl.

Tout sa nou ap gade nan ekspozisyon an se revelasyon pil kozri yo fè ak aktè yo nan sektè sa a sou kijan yo konprann Rara yo, kisa li vle di pou yo e poukisa Rara enpòtan pou yo nan kominote yo.

Nerat Ilderice, Gwètò KNVA, Minis Relijye Vodou nan Sid, bat lakontantman pou reyisit ekspozisyon an. Si nou kwè l, pral fèt nan tout peyi a menm apre sezon Rara a.

Li kontinye pou l di, piblik la anjeneral kontan, bann Rara yo kontan pou gwo matonton  travay sa. Lide a se gaye tout sa ki makòmen nou kòm pèp. Pou reprezantan Vodou a, yon bann Rara chaje ak senbòl nan fason yo solidè, yo abiye, etchal kesyon diferans ant fanm ak gason, koze otorite, Siperyè, tonbe plat ant prezidan ak yon senp manm. Valorize Rara a selon Ougan an se pouse youn nan filozofi relijyon natirèl la -Vodou- ki di :« Tout moun se moun. Pa gen moun pase moun. »

Kèk patisipan ki pale nan mikwo nou panse sa ki ap rive youn nan pratik relijyon filozofik la se yon konplo pou denatire l, tòtòy sèvèl sitwayen yo nan fè yo lage rit yo, kilti yo atè. Se Batay ant klas sosyal yo: rich ak pòv, andeyò ak lavil, peyizan ak sitaden ki ponn li. Baton, manchèt ak epe kòm zam nan Rara a akonpaye ak Papa lwa Ogou nan Vodou a pa piti. Atake yon pèp nan kilti l se chache disparèt pèp la. Rara se fèt Peyizan yo. Tire baton nan kèk zòn vwa manye manchèt nan lòt se yon ar tankou nan Nodès, Latibonit, Lwès ak nan Sidès.

Domèn Lakilti daprè Gwoup Refleksyon Fowòm politik Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen an (GR-FPSPA) se yon chan lagè. Lakilti daprè yo dwe ede nou dechalbore kilti dominan yo paske lakilti se lavi nou. Se nanm nou.

Tout sa antre nan pwojè klas dominan yo pou efase tout sa ki lye nou kòm pèp konbatan, sitou Vodou a ak pil manifestasyon li yo.

Pratik yo dwe kenbe paske se Idantite nou. Tradisyon yo pa dwe pèdi ni chanje. Komin Okay te gen plizyè bann Rara ki te fè fyetè vil la tankou Chanbelann, Fleuris de la terre, Accaau… Poutan lajounen jodi tout disparèt pou fè plas ak yon seri bann tandans Rara. Pale sou Rara se youn, konsève objè yo se yon lòt. Men veritab batay la se ta pou KNVA remanbre bann Rara yo oubyen mete lòt kanpe si yo ap fè prevansyon ak pwoteksyon aktivite kiltirèl sa a.

Pou yon chanjman total kapital kont mòd Leta reyaksyonè a se resouse sitwayen yo ak tout sa ki atache yo nan fason yo manje, danse, travay, chante kòm zam ki dwe pèmèt nou tranfòme peyi a.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks- Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here