Ayè lendi 22 dawou 2022 a pandan nan majorite gran vil peyi a popilasyon an te nan lari pou denonse ensekirite, lavichè, grangou ak to dola a ki pa sispann ogmante. Biyè vèt la sibi yon bès espektakilè kote li soti nan 155 pou desann nan 120 goud, pou yon dola ameriken.  Men gwo elan sa a goud la pran an sou dola pa genn okenn eksplikasyon syantifik ki pou eksplike l, selon doktè nan ekonomi an, Eddy Labossière.

Okay 23 dawou 2022

Nan yon mesaj li pataje sou paj Fesbouk li ki pote dat 23 dawou 2022 a, ekonomis Eddy Labossiere deklare pa gen okenn prensip fondamantal nan ekonomi pou eksplike reyaksyon goud la sou mache echanj la piske kwasans reyèl la toujou negatif, ekspòtasyon yo vin pi fèb, defisi bidjetè yo kreye ak finansman monetè a toujou rete wo, transfè dyaspora pa ogmante, ayisyen kite peyi a pi plis akòz ensekirite , sans pale antrepriz k ap kite peyi a pou ale tabli kò yo nan Repiblik Dominkèn.

 

Pou Doktè Eddy Labossière , okenn prensip ekonomik pa ka eksplike sa ki pase sou mache a paske ekonomi peyi a nan yon eta trè kritik, li pa gen ren pou kreye yon chanjman osi rapid. Pou li sèl sa ki ta ka eksplike fenomèn nan se bank komèsyal yo , oligachi k ap vann byen ak sèvis, kèk eleman nan mache enfòmèl la k ap manipile to echanj la pou fè gwo benefis nan do  yon Leta fèb ki pa menm egziste. Politik monetè Bank Santral pou estabilize pri yo pa bon ditou , yo paka estabilize pri yo ki se veritab misyon l genyen . Ak yon to enflasyon 30% ki pa sispann desann sèl sa peyi a ka espere se yon enflasyon dejenere.

 

Li kontinye pou l di desizyon Bank santral pran pou enjekte dola sou mache a se yon fason pou kontinye anrichi bank komèsyal yo epi antere sila ki pi pòv yo.

N ap raple nan yon sikilè bank santral mete deyò jodi madi 23 dawou 2022 a, li anonse yo mete sou mache an 8 milyon 5 san mil dola ameriken ki al jwenn dirèkteman bank komèsyal yo. Unibank soti  ak gwo pati a 2 milyon 250 mil devan Sogebank 2 milyon 100 mil, epi BNC 1 milyon 300 mil pou site sa yo sèlman.

 

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here