Yon lane aprè enspektè jidisyè rejyon Sid la pran fonksyon, Kouman sa ye nan biwo a? Eske komisyon enspektè ki nan misyon nan Depatman Sid la depi yon semenn vin fè yon ankèt espesyal pou Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (KSPJ) oubyen se mank konfyans ki lakòz enspektè sa yo nan rejyon an?

 

Okay, mèkredi 11 jen 2025

Selon Enspektè/ Responsab Enspeksyon Jidisyè gran Sid la ki reponn kesyon radyo Montagna nan biwo l, di se madi maten 10 jen 2025 lan, biwo a konnen gen yon delegasyon KSPJ- DIJ ki nan Depatman Sid la. Èske se konfyans Direksyon Enspeksyon Jidisyè a (DIJ anfranse) pa gen nan 7 enspektè yo ki lakòz misyon endepandant sa a? Èske sa enspektè sa yo a vin fè nan Depatman an, biwo a pa ka fè l? Eske se pou evite travay la pa bakle ki fè sa?

Nan kesyone Enspektè Lespérance sou travay enspektè yo deklare, malgre mwayen yo manke yo pou rive fè travay yo gen pou fè a men aprè yon lane, enspektè yo nan rejyon Sid la ap fè sa yo te kapab nan biwo a.

Biwo a pa nan espas apwopriye epi aksè a pa fasıl pou yon sitwayen ki andikape pou ta rive kote sekretè a. Nou konstate, biwo a kou anpil lòt se nan yon kay abitab yo tabli kote plizyè chanm metamòfoze kòm biwo. Anplis espas la manke gen mobilye pou sa biwo sa a ta dwe gen   pou volim dokiman li ta dwe ap jere.

Guerson Lespérance kanpe diferan sèvis yo ki regwoupe nan 3 gran sèvis: Enspeksyon ak Kontwòl, Ankèt ak Sètifikasyon epi Suivi Karyè Jidisyè. Nan chak sèvis sa yo gen 2 enspèktè nan yo ak youn ki kowòdone tout sèvis yo.

Yon lane aprè, selon Enspektè – Responsab la, y ap tatonnen. Yo pa gen tout mwayen men ak ti lòsyè yo genyen adispozisyon yo, y ap travay nan pran plent yo epi distribiye yo nan sèvis konsène yo pou suivi.

Enspektè yo gen jiridiksyon Nip, Grandans ak Sid nan chan travay yo nan al enspekte si tarif jidisyè yo aplike, voye je sou aplikasyon lalwa , elatriye. Youn nan pi gwo bezwen yo se yon materyèl k ap woule.

Pou sèvis enspeksyon an fèt, se enspektè yo ki itilize mwayen pèsonèl yo, swete KSPJ – DIJ ki konnen mankman ki limite yo, pral fè yon jan pou rezoud pwoblèm sa a anvan lontan. Enspeksyon pa fèt san veyikil.

Poze l kesyon sou prezans kèk enspektè ki nan jiridiksyon Okay la, Enspektè a di sa gen mwens pase 48 èdtan depi l okouran gen yon delegasyon konsa nan jiridiksyon an. Men li pa kwè se yon travay paralèl k ap fèt. Enspektè sa yo ap travay sou Majistra asis yo ki nan Tribinal Depè, Premye Enstans ak Koudapèl. Èske KSPJ se bakle li pa vle bakle sètifikasyon li a pa rapò ak zanmitay ki fè se 3 enspektè sa yo ap fè l nan plas sèvis sètifikasyon.

 

Yon sous nou fè konfyans di RTM, se pa okenn ankèt sou chèf pousuit jiridiksyon Okay la, Pierre Elioth Paul ki gen non l site nan yon eskandal liberasyon notè Jean Vernet Mercier ki gen chaj prezime asasen Pierre Gerson Bogat mwens 24 èd tan lajistis te voye l nan depo.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here