Yon avyon IBC, pa rive antre nan « Taxi Way » la, al fini kous li sou wout nasyonal # 7 daprè konsta radyo Tele Montagna.

 Okay, samdi 21 mas 2026

Premye enfòmasyon yo, daprè yon sous nou fè konfyans di Radyo Tele Montagna, avyon IBC, N271BC, tip EMB- 145, se antre li t ap antre Ayiti, ayè vandredi 20 mas 2026 la, bò 2zè 57 yo konsa.

Se pa t yon vòl òdinè oubyen regilye. Se pito yon vòl charter – yon vòl lwe-. Avyon an te gen 5 pasaje ak manm ekipaj la ki gen pilòt, ko- pilòt, mekanisyen ak kò medikal la. Tout moun yo soti sen e sof. Men anpil lòt moun ki te atè sou moto ak machin nan kouri pou kite douvan ayewopò a te al frape, blese san bay yon chif.

Pilòt la sanble pa t rive poze anjen an nan limit pou l te poze a se youn anplis pa gen sistèm siyalizasyon, ekleraj -balisage Lumineux – sou pis la. Kòm te gen bouya sa ka pouse pilòt la poze pi lwen ki ka lakòz avyon soti sou pis la jouk li rive sou wout nasyonal # 7 la.

Aprè aksidan an, sous la di, yo p ap ka fè plis. Avyon an ap rete ap pase nuit lan deyò a annatandan ekspè rive sou plas demen pou pi ta. Se aprè yo va remòke l pou retounen ak li andedan ayewopò pou suit yo.

Daprè plizyè obsèvatè, se yon move siyal. Erèzman pa t genyen okenn gwo kamyon ki t ap pase nan moman an paske se t ap yon gwo dram vin jwenn pa gen yon veritab kò konpye nan komin Okay la.

 

Max – Imbert Marcelin/ Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here