Komisè Gouvènman Okay la, James Jean Louis nan yon ti pale ak laprès pote plis enfòmasyon sou operasyon Lapolis ak Pakè Okay mennen nan kè sant vil Okay, dimanch swa pou louvri lendi maten 12 dawou 2024 la kote yon ansyen ajan sekirite jal Komisè Ronald Richemond tonbe.

 

Okay, lendi 12 Dawou 2024

Inifòm PNH, inifòm Polis Minisipal Okay, bòt, manchèt, bal ak zam, elatriye se sa jijdepè Paul Tarte dekouvri andedan kay Josème Joseph ki t ap viv ak madanm li nan ri Monseyè Moris, sant vil la.

Daprè foto yon pyès ki te sou li, Josème Joseph aka “mister santi bon oubyen J and J le Pwòf ”se ansyen ajan nan sèvis ransèyman jal Komisè Ronald Richemond ki sou sanksyon Ministè Jistis ak Sekirite Piblik.

Selon chèf pousuit la, lajistis t ap chache delenkan an pou enplikasyon l nan zak brakaj ak simaye kout bal nan mache Valè komin Tòbèk sa gen plis pase 8 jou kote plizyè moun te pran bal ladan yo Aladin Freud ki pa soti vivan nan atak kriminèl la.

Lapolis te fin metrize l depi andedan kay la, te soti ak li pou l te al bay zam otorite yo konnen li genyen. Men lè l rive nan lòt lokal la polisye yo tande yon bri ki pa t nomàl te louvri bal pou te anpeche yo viktim.

Administratè Pakè a pa t bay twòp detay sou kantite bal ki blese l kou di kouman Lapolis pa t menote l, konfime kadav sekirite ansyen jal komisè a nan yon mòg nan vil la.

Bò kote jal Komisè sanksyone Ronald Richemond  ki te nan komisarya Okay la, nan mitan jounen pou pote plent, dezavwe, selon li, mòd pratik sa. Li kondane zak asasinay li di chèf Pakè a, James Jean Louis fè sou fanatik li a. Li di yo rache dan li, bat li ak chenn epi mande jistis detan l ap chache konnen ki kote kò a ye .

Daprè obsèvatè yo, jiridiksyon Okay la plen gwoup ame ak zam kout osinon manch long k ap monte desann. Gwoup sa yo osèvis otorite anplas yo: Meri, BSAP, Pakè ak Delegasyon. Anpil fwa se moun yo menm ki mache ap pwòp zam cho pa yo. Polis Minisipal, ekip Jal komisè a, BSAP kou Back up Delegasyon an gen mòd moun sa yo. Tank lajistis fèmen je li yo se tank mesye sa yo ap opilan.

Sa gen yon mwa konsa, chaje misyon nan Delagasyon Okay la, Jackson Dena te rale zam pwente l sou yon jenn gason epi pete tèt l nan lokalite kafou Jout. Malgre plizyè plent, sibtiti komisè Pierre Maykel Georges libere delenkan Jackson Dena aprè li te fin tande l nan Pakè a.

Nan jou sa yo, nèg ak zam yo pa chome menm nan jiridiksyon Okay la. Monte ensekirite sa a lakòz sitwayen yo pa viv anpè. Nou swete lajistis ak lapolis mete yo ankat pou atake malfra yo nan jouk yo pou popilasyon an rale yon souf.

https://radiotelemontagna.com/bandi-ak-zam-kontinye-ap-vale-teren-nan-sid-peyi-a/

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here